Lyrics

Bonjou God is good Haha egri k ap megri, aya man Pèchè latè k te panse m t ap fini Gade kijan jodya m ap chante – gras Bondye, gras Bondye Granmèt la toujou kanpe la pou l ban m chak jou Sa se pi gwo prèv lafwa ak lanmou Anpil ki jalou yo t a vle wè m trennen pou mwen pa janm anyen Granmèt la pi fò pase yo – padone yo Men si se pat zanj yo m pa konn kote m tap ye Mizik sa m ap chante s on fason pou m remèsye yo Gen moun se lè gen lèt ak myèl yo la Men kou gen gou fyèl la yo dezète yo – yo kouri, yo kouri Mèsi tout fanatik, zanmi k te ret fidèl Kado nou la nan pla men letènèl M ap toujou pèsevere Lè gen tèt chaje, toujou pèsevere Jou pa w pa lwen rive sa se verite Si fado a twò lou, Bondye ap ede w pote l Viktwa w pou ou li ye Gracia – Ti nèg Titine nan, Ti bat kò a, original, aya Oh oh kisa m te vin fè sou tè sa Oh oh se mizik m te vin fè sou tè sa Ala ou pa wè sa, mizik se lavi m, yes ay Chante Oh oh oh Mass Konpa Oh oh kisa m te vin fè sou tè sa Oh oh se mizik m te vin fè sou tè sa Poze nèt, nèt nèt Atis pou lavi Si w wè m ap chante bò isi Se sa ki destine m, sa pa gen plezantri Lanati ban m anpil bon zanmi Ipokrit yo sezi, yo panse lavi m tap fini Ay Egri k ap megri, yo w è m ap fleri Mwen la pou lavi, m ap tann sa k ap vini M ap di bondye mèsi, mwen pa janm febli Zanmi m pap ba w manti, figi w fèk kare fè pli wi Van, ou wè tout koulè, sèl klè ou pa wè Van, Netwaye lakou a Donaldo, DJ baya, men kòd ou a papa Sa s on fant janm Nou wè yo Nou konnen yo
Writer(s): Garcia Delva Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out