Lyrics

Vice2K J Perry Marv B Se pa sa Sa w panse a se pa sa Se pa sa Dèfwa nan lavi nou pentire moun apati de sa n tande yo di (eya) Istwa nan lari vwayaje rapid sitou lè l se manti (ye a) Sa k ap pran pòz y ap byen mennen Kanpe sou fake ap fè tenten Pa jije san w pa konnen, aparans pa vle di anyen Kounya lemond fin evolyo, rezo sosyo fin debòde Sa yo poste pa verite, sanble l'automne men se l'été Se pa sa Se pa, se pa sa Woy woy woy, sa w panse a se pa sa Gen sa k reyisi ou patap janm di sa sou fason y aji (eya) Yo pa janm fè bri Yo pa gad sou lòt, e yo pa nan demagoji (eya) Sa k ap pran pòz y ap byen mennen Kanpe sou fake ap fè tenten Pa jije san w pa konnen, aparans pa vle di anyen Kounya lemond fin evolyo, rezo sosyo fin debòde Sa yo poste pa verite, sanble l'automne men se l'été Se pa sa Se pa, se pa sa Woy woy woy, sa w panse a se pa sa Let's go Everybody put your hands in the air Hands in the air Like this Say Oh oh, oh oh (rpt) Bagay yo pral chavire Oh oh, oh oh (rpt0 J Perry man – se pa sa sa Lajan pa vle di kè kontan – se pa sa sa Abiye chè pa vle di flannè – se pa sa sa Gwo dada pa vle di lasante – se pa sa sa Bèl flè pa toujou santi bon Anmwey Oh oh, oh oh (rpt) Alo Alex Yo tande, pésepsyon ka twouble opinyon Fò n pa kite sa n tande gen fòs sou sa n viv ak sa n wè klè Roberto Martino, J Perry, atis peyi a, atis pèp la Ou tande
Writer(s): Roberto Martino, Reynaldo Martino Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out