Lyrics

Si n vle dekolonize mantalman (Blaze One vètè) Si n vle dekolonize moralman (OGF toutan) Fò n leve kanpe pou n kraze prizon Si n vle viv jan n vle fò n pran desizyon Si n vle dekolonize mantalman Si n vle dekolonize moralman Fò n leve kanpe pou n kraze prizon Si n vle viv jan n vle fò n pran desizyon Yeah, Se pèp nwa, pèp lib Pèp fò, nasyon k gen kouraj Nasyon k plen ouvraj Pasyon n plen outraj Aksyon n plen tout laj Pòtòprens sèk met egzèsis ekspresyon chèn nan tèt Avi aboli k vin ramoli san depresyon ankèt Dans la colonie, y aprann nou se byen mèb Yo fè n travay tè san angrè aprè tou n rete fèb Yo fè n kwè nou plis ke bèt, mind nou ante Vi nou sengle Bay nou legliz pou n repanti, fè n aksepte ke nou senj vre Men si n ap swiv, jounen jodi wap wè esklavaj kontinye Rasis ap ravaje, s on ogmantasyon kap konsinye Sou latè, lèzòm sede Yo kwè nan chè ki nouri chè Peyi k gen moso kichòy, plis envesti l nan sous richès Lèzòt kwense n, zòt piye n, zòt divize n apre lit la Vin fè de Ayiti wè pi gran kou bèl amerik la Se pa san rezon pitit tè sa ap drive nan salte Pran rak bwa, janbe fontyè al fouye nan duarte Sak ka travay, ranje ponyèt al koupe nan bate Se pou n montre n, esklavaj la ap sible yon kalte Sak ban n kout men, enperyalis ekrokri gran flatè Depi lontan kap souse san n, e k rann fanmi n anba tè Oh God, yo fè n toujou dèyè, esklu n nan lis la Yo ban n tranbleman tè, yo di n se Kris la Yo maltrete n, yo vyole dwa n, yo pase l anba pye Paske nou s on ti pèp, se sak fè fyète n s on gran istwa Sak pran konsyans de vi nou, ban n diskou a paralèl Yo ban nou teknoloji, e pita w tande lakay rèl Yo vle montrew manje pa luxe Yo demontre n danje pa risk Yo vle ote n d on vye palmis Menmsi w gen je w paka wè l Pèp sa kiyès lap susite pou fè defans li Pwòp san l ap krifisye l E likide tout vye prestans li Tout kolon ki vin antoure nou Nèg se gwo lo l vize Sa koz y al pran nou nan ginen Pou nou vin kolonize Pou wè eta ruine yo Nou pa ret 2, 3 min ooo Gad on peripesi pou pitit zantray Desalin yo Grand pisans vwazen makiye se pi gran trèt tou Kap wete chèn nan pye pou yo anchene li nan tèt nou Si n vle dekolonize mantalman Si n vle dekolonize moralman Fò n leve kanpe pou n kraze prizon Si n vle viv jan n vle fò n pran desizyon Si n vle dekolonize mantalman Si n vle dekolonize moralman Fò n leve kanpe pou n kraze prizon Si n vle viv jan n vle fò n pran desizyon Yo fin achte konsyans tout sa konn vizyone Moral ki pou fè n konn devwa n, yo tout anprizone Obstak demokrasi a rann kèk izole Klas defavorize pa gen apwi, fè tout ansizone Oligachi nan mind nou l pa sispann met mizo frè m Yo destabilize n, pou lumanite nou ret skizofrèn Yon sèl ti pèp nan kontinan k sibi tout dram yo Pou pwouve n pa anyen, se sou nou y eseye tout zam yo Hee! Pou n delivre se sèl lakay yo n vle konble n Menm si se 2 bra pandye, fò n bese tèt pou n pot bòl ble n E s on tò vre, malgre pèp ayisyen, nou s on pòv vre Y anpeche n revandike kont esklavaj plis on kòve Men jodia, li lè li tan pou nou emansipe a Si nou tout fèmen djòl, nou tout ap pase nan zipe a Pou toupizi n, yo ogmante entansite a Yo kreye fristrasyon pou divize n menm nan site a Fò je n kale pou n wè kòman y ap kole grif Sak kanpe kont la patri pa wè enterè kolektif Raple w nèg parèy nou k t ap vann nou Nèg parèy nou k t ap fann nou Nèg parèy nou k ap siyen tout akò pou yo ka pann nou Mwayen n sansire sou tout aspè politik Alibaba kap dirije n, pou lòt peyi s on gwo kritik Yo oprese n, yo polye lè n, fè n mande èd, fèmen lòt pòt yo Menm sa k fè sakrifis pou 10 diplòm, espwa l se lòtbò dlo Fò n gen kouraj, menm sa k pi fèb la konnen l ka lite Konnen li dwe soulve, dekolonize l nan mantalite Nèg, fò jwi lonè w, Ayiti kounya moman pa l la Piga w bese lèbra nèg kont esklavaj nan mantal la Si n vle dekolonize mantalman Si n vle dekolonize moralman Fò n leve kanpe pou n kraze prizon Si n vle viv jan n vle fò n pran desizyon Si n vle dekolonize mantalman Si n vle dekolonize moralman Fò n leve kanpe pou n kraze prizon Si n vle viv jan n vle fò n pran desizyon
Writer(s): Jiwenrison Guetz Marcena Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out