Lyrics

Ou fè m santi yon pikotman Santi yon jwa yon kè kontan Ou fè mwen santi mwen vivan Ou fè nan mwen yon dal chanjman Ou fè m santi m g'on rekonfò Lè m avè w, ou fè kè m bat fò M ap renmen w menm aprè lanmò Ou fè m santi m yon lot jan Ou fè m santi m rich pye atè Ou fè m gen kontwòl tout latè Se mwen k pou di w jan w fè m santi m M santi m rich san m pa g'on santim Dlo verite m, mwen vle w manti m Nan men w, mwen vle remèt lavi m Si tout mwen ta yon plim, ou mèt kwè se ou k ap lank E toutfwa m ta nan mawon, pou m kache, se ou k t ap plank Toutfwa m ta yon batiman, pou kanpe m, se ou k ap lank E si m ta lajan pou sere, cheri, se ou kap la bank Toutfwa m ta vin douvanjou, ou mèt lawouze m E toutfwa mwen ta pousyè, ou dwe dlo k pou wouze Toutfwa m ta yon sigarèt, rale m, ou pouse Garanti w, jamè m p ap fè w touse Ou fè m santi m moun Jeremi paske ou se gwo bòl tonmtonm mwen Pou moun Lewogàn, ou se kone kata tanbou mwen Wi, m se nèg okap e se ou ki jalouzi an mwen Etan k ayisyen ou se madanm mwen, anmiyanm mwen (oh) Ou fè m santi m diferan Nan kèm ou fè dife pran Pyès nèg p ap k fè frekan Kounyeya men mwen, yo ta pran Se mwen ki pou ta di w jan w fè m santi mwen Nan kè w mwen vle rete pou m k santi m mwen Se mwen k pou di w jan w fè m santi m M santi m rich san m pa g'on santim Dlo verite m, mwen vle w manti m Nan men w, mwen vle remèt lavi m Ou fè m santi mwen fò, paske ou chase tout feblès mwen Ou renmen m, mwen renmen w, mwen vle ou vin metrès mwen Ou trete mwen tankou wa, m ganranti w m ap fè w vin rèn mwen Kit nan byen, kit nan mal, mwen vle w kanpe avèk mwen Malgre mwen ba w pwoblèm, ou pa kou-kouri kite mwen Ou di m ou p ap janm ban m vag, ni ou p ap mouri kite m Ou pa kyè de sa yo di, ou kwè m se mezi pye w Lanmou sa fè m santi m byen, ou ban m li san mezire M pa vle w santi m Avè w, m santi m Chase annwi, (oh, oh) M pa vle w santi m Avè w, m santi m Chase annwi Se mwen k pou di w jan w fè m santi m (jan w fè m santi m) M santi m rich san m pa g'on santim (santi m rich san m pa g'on santim) Dlo verite m, mwen vle w manti m (mwen vle w manti m) Nan men w, mwen vle remèt lavi m (mwen vle remèt lavi m) Eh-eh-eh Yeah-yeah-yeah Ouh-ouh-ouh
Writer(s): Pascal Jeanjacques Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out