Lyrics

Prezidan Roody eskew pap pale de problèm yo Prezidan Roody ki solisyonw gen pou problèm (2fwa). Siw peye EDH lakay ou Met 2 menw anlè bat menw PLA PLA PLA Siw peye DINEPA lakay ou Met 2 menw anlè bat menw PLA PLA PLA KÈ. Entèlektyèl paka jwenn travay Abolotcho ap jwenn chèk mò Bay Zam nan gettho fè nèg batay Sesa fè chak jou n konte kèk mò Jouk kilè Bwat leta yo ap sispann gen koripsyon Jouk kilè Na sispann bay ti pèl la manti lè eleksyon Jouk kilè Na sispann konfonn vyolans avèk opozisyon Jouk kilè Na konsyantize poun bay pèp la bon direksyon Pèp la nan nesesite Manke inivèsite Pagen elektrisite Touris pè vin vizite FÒk sa chanje Fòk sa chanje Fòk sa chanje Fòk sa chanje Fòk sa chanje Timoun yo paka al lekol Pagen pwodiksyon agrikòl Palmantè san pwotokòl Devan blan yap pote kòl Fòk sa chanje (5fwa) Gaspiye lajan nan fè bel knaval Pagen ase ekipman lopital general Ensekirite a menm li pi mal Pagen ankadreman pou polis nasyonal Woy kafou ayopò Bow ou tande ou tonbe Monte petion ville Bow ou tande ou tonbe Pòtay leogane Bow ou tande ou tonbe Rive kafou Bow ou tande ou tonbe Konbyen manman? Konbyen pitit? Ou kite ak dlo nan je zanmi Fòk sa chanje Fòk nou grandi Imaj sa pabon Li lè li tan poun aprann reflechi Lèw boule on mache Kotew lage madan sara yo? Wap manifeste Poukisaw kraze vit machin yo? Pa peye profesè Kotew lage elèv lekol yo Plede fè grèv Kotew lage sak vle travay yo? Woy ou mechan Mechan(3fwa) Anmwe zanmi zanmim ou mechan Mechan(3fwa) Woy ou mechan Ayisyen parey mwen yo nou mechan Lèw boule on mache Kotew lage madan sara yo? Wap manifeste Poukisaw kraze vit machin yo? Pa peye profésè Kotew lage elèv lekol yo Plede fè grèv Kotew lage sak vle travay yo? Woy ou mechan ... Ou di bezwen mete la pè anndan Peyi a Ou diw bezwen sekirite anndan peyi a Poukisaw pajanm vle monte chèk La polis la Li te lèl te tan pouw te voye ale minista Woy ou mechan... Woy mayo Vire anlè Mouchwa Vire anlè Kepi Vire anlè Drapo Vire anlè Vire anlè Siw ap fete san vyolans Leve men dwat anlè Siw pagen kouto nan menw Leve men goch anlè Siw pagen katachpika Leve 2 menw anlè E si tout fwa wap byen pase Fèm wè nou tout ap balance Yo Balance yo Si wap fete san vyolans ... Brad rent car manman Woy woy Joker elektronik manman Nou refèl ankò Atalon micro system manman Woy woy HAINET ak MKtel manman Nou refèl ankò SuZukil ye Shell rottella l ye Criollito Rhum bakara l ye Mache ti tony et Sogener ZAMABRE ZAMABRE EYA PAPA EYA PAPA Woy ZAMABRE ZAMABRE EYA PAPA. EYA PAPA Nou pedi Manno Manno Charlemagne Nou pedi Boulo Boulo Valcourt Ou menm ki gen lavi Fòk nou Louwe l Fòk ou ka louwe li Fòk nou louwé li Louwé louwe louwe Louwé Letènel la Louwé louwé 2 menm anlè pou Letènel la ZAMABRE. ZAMABRE...
Writer(s): Inconnu Compositeur Auteur, Roody Petuel Dauphin Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out