Credits
Lyrics
Soti lwen part 2
Verse 1
M te gen pou chwazi ant rete swiv e afwonte
Ant tann yo banm e fouye men pran mwen menm e ‘a côté’
De lite, ou ret timoun toujou pat twò gen lòt optyon
M fè sak posib pou pitit mwen fyè de istwa m lè yap rakonte l
E map jire an verité
M fè rap paske’m gen twòp pou di non pa paske’m vle yon star ou yon V.I.P
Enspiratyon’m sa mache ak egzijans mwen
Wa konprann si’m diw soufrans chwazi mache ak egzistans mwen (Sa vle di)
Kondane pou ekri
Nan yon epòk pa gen pwogrè menm sa kap manje nan hip hop kondane pou megri
Sak koz m fè diferans ke montrem gen talan
An piblik m pito diskrè ke montre kem galant
Soti lwen an pa anyen mize nan wout e sa ki tris
Sam fè chak jou se pa efò e sakrifis
Pou surviv moralman jouskaske devènn pati
E pou’w byen wè trajektwa m baw yon dezyèm pati nan
Refren Zomò
Lwen lwen lwen, Map soti lwen lwen lwen
M pa moun isit tande, g’on kote’m vle rive (bis)
Verse 2
M soti lwen ou pa konn sa’m travèse pou rive la
Epa koulyea pou’m ta febli pa koulyea pou’m ta kite sa
M konnen’m poko fin mache sak fè’m pa kanpe
Edmi yo la toujou sèlman sou mwen yo paka pran pye ankò (4)
Non m pa pè koulyea, pase’m defini’m
M pa ewo m pa yon brav (non) m son sinp viktim
Diferans ant mwen avèw yo te panse’n tap plonje nèt
Yo wè’m leve, sou mwen andal vye panse tonbe fèt (8)
Misye son djab man non sa pa fouti Saint
Menm mwen menm dèfwa’m gad tèt mwen m di sa pa fouti mwen
D’aprè ou kisa w pansem tap a tann de yo
Se pa wout ou fè yo non, men se kisaw aprann de yo (12)
M pa pi bon e koum te pran déjà m pap repran
M konn febli men lè’m priye God la banm fòs pou’m ret gran
Chak tèks ou dwe on temwanyaj lèw gen vécu
Plus fier que jamais peut être la fin ou le début
Repriz Refren
Verse 3
Chache sak bon mal yo se kado lavi
Map mache lontan poko rivem nan son anomalie (men)
Sa pa fèm doute yon sekond de konpetans mwen
M paka konte konbyen fwa devèn kontre chans mwen (Map rive)
Avèk ou san èd non m pap ouvè kòm
Lè chacun pour soi m vle’n konnen Dieu pa pou pèsòn
Alò e pa tout lè’m batay a fòs dèfwa se lespri
Menm lè vi a ap mete’m cho m Classic tankou Shakespear (8)
Bridge Zomò
Si w pa konn kote w soti, ou pap konn kote w pwale se lwa lavi l ye eh eh eh eh eh
Pa vle w travay en vain, fò w tande konsèy mwen
(Tande konsèy mwen)
Repriz Refren

