Credits

PERFORMING ARTISTS
Timber-G
Timber-G
Performer
Wilz
Wilz
Performer
COMPOSITION & LYRICS
Guytember Nicolas
Guytember Nicolas
Songwriter
Nickenson Prud'Homme
Nickenson Prud'Homme
Songwriter

Lyrics

Pouki tout jounen wap veye mwen,
Ou vle gen kontwòl telefòn mwen,
Lè'm fon'w sòti ou bougonnen,
Oh m pran twòp tan pou'm te tounen,
Ou menm ap tcheke sou chemiz mwen
Pou'w wè si li pa de-boutonnen,
Ou tankou on moun kap chache zen,
Ou vle tout bagay pou'w konnen
Tout sa mwen di'w ou gen dout,
Ou fèm konfyans par kont gout,
Eske se mwen ou pa konn bout?
Men konbyen fwa pou'm di'w
Lanmou sa se pou ou,
Ou pa bezwen trakase ou,
Pami tout lòt moun yo,
Se pou ou m fè joujou,
Lanmou sa se pou ou,
Ou pa bezwen trakase ou,
Pami tout lòt moun yo,
Se pou ou ke map fou,
Yon bann jalouzi ki pa gen plas,
Ou pa vle menm banm yon ti espas,
Emosyon fè'w nan fèm menas,
Si'm pat renmen'w m te gentan elas,
M paka konprann jan'w te nice
Kounya wap make'm e ou vin tenas,
Nan chache konn sim pa kenbe kras,
Genlè m son'w pwason k antre nan nas
M gen santiman m gen kè tou,
Pou respè ou m dwe kèr tou,
Deja ou se mèt mwen m se mèt ou,
Retire vye lide nan tèt ou.
Lanmou sa se pou ou,
Ou pa bezwen trakase ou
Pami tout lòt moun yo,
Se pou ou m fè joujou
Lanmou sa se pou ou,
Ou pa bezwen trakase ou
Pami tout lòt moun yo,
Se pou ou ke map fou,
Cherie si'm pat renmen'w se pa ou ki tap la,
E si mwen pat bezwen'w m tap re bat kat la,
Sispann panse ke lòt moun ka ranplase'w,
Se pa nan yon djob ou ye,
Mwen konnen lap difisil pou'w pata jalou,
Lè ou gon'w bon grenn nan men'w fè pataj la lou,
Men m toujou fè efò pou'm pa rive nan fwase'w,
Mwen pa kwè nan diskisyon mwen plis renmen anbrase'w.
Lanmou sa se pou ou,
Ou pa bezwen trakase ou
Pami tout lòt moun yo,
Se pou ou m fè joujou
Lanmou sa se pou ou,
Ou pa bezwen trakase ou,
Pami tout lòt moun yo,
Se pou ou ke map fou
Written by: Guytember Nicolas, Nickenson Prud'Homme, Nickenson Prudhomme
instagramSharePathic_arrow_out

Loading...