Credits
PERFORMING ARTISTS
T-Vice
Performer
COMPOSITION & LYRICS
Roberto Martino
Songwriter
Reynaldo Martino
Songwriter
Lyrics
Nou pat janmen deside nou kite,
Se gade nou gade san zatann nou separe.
Pwoblèm fanmi,
Ti pwoblèm lavi.
Ou te oblije leve ou pati,
Alòske cheri mw m' pat gen mwayen fè wonnpòt, m' ret ayiti,
Te gen jalouzi.
Pre-hook
Lanmou kanpe,
Lanmou kanpe men santiman nou yo pa ale.
Renmen rete,
Renmen rete men relasyon nou pa ka mache.
Lead 2
Wi chak moun viv yon ti istwa konsa,
Nou damou men lanmou an nou pa janm fè yon pa.
Presyon papa,
Relijyon pafwa.
Mwen gad pwofil ou yon brother ap bo,
Depi jou sa m'ap mal dòmi m'espere se fo,
M'espere se fo,
Men lanmou pran yon so!
Pre-hook
Lanmou kanpe,
Lanmou kanpe men santiman nou yo pa ale.
Renmen rete,
Renmen rete men relasyon nou pa ka mache.
Solo keyb. 16 barres
(Renmen toujou rete)
Anmwe oo
Chotus and lead
C-Twòp souvni pou sa fini
L-menm si m' konprann bagay yo di
C-twòp souvni pou sa fini
L-chak fwa m' wè'w nanm mwen febli.
Nan kè mw se la'w dòmi.(2 fwa)
Lead 3
Foto sou fòn mwen yo la,
M'kenbe mesaj ou yo.
Kèk fwa ou nan rèv mwen yo,
Ou toujou la.
M'sonje tout dezòd nou fè,
Sa pat tojou pafè.
Ti kite tounen nou fè,
Jalouzi n'te konn fè.
Lè n'fè kèk jou nou pa wè,
Se te pi gwo doulè.
Jou nou resi rankontre,
Se gwo koze.
Menmsi sa fè lontan sa,
Nan may mw w'toujou la.
Premye jou nou te fè'l la,
M'p'ap janm bliye sa.
Chotus and lead
C-twòp souvni pou sa fini
L-menm si m'konprann bagay yo di
C-twòp souvni pou sa fini
L-chak fwa m' wè'w nanm mwen febli. (2 fwa)
Lead 3
Foto sou fòn mwen yo la,
M'kenbe mesaj ou yo.
Kèk fwa ou nan rèv mwen yo,
Ou toujou la.
M'sonje tout dezòd nou fè,
Sa pat tojou pafè.
Ti kite tounen nou fè,
Jalouzi n'te konn fè.
Lè n'fè kèk jou nou pa wè,
Se te pi gwo doulè.
Jou nou resi rankontre,
Se gwo koze.
Menmsi sa fè lontan sa,
Nan may mw w'toujou la.
Premye jou nou fè'l la,
M'p'ap janm bliye sa.
R-solo keyb.
(Nan mw renmen rete)
Anmwe oo
Pase n' p'ap janm efase
Written by: Reynaldo Martino, Roberto Martino

