album cover
Yeba
214
Worldwide
Yeba was released on February 14, 2022 by KSE Group as a part of the album BeNi
album cover
AlbumBeNi
Release DateFebruary 14, 2022
LabelKSE Group
Melodicness
Acousticness
Valence
Danceability
Energy
BPM93

Music Video

Music Video

Credits

PERFORMING ARTISTS
Gabel
Gabel
Vocals
COMPOSITION & LYRICS
Pachou
Pachou
Songwriter
Athlet St. Fleur
Athlet St. Fleur
Songwriter
Jean Ernst Pierre
Jean Ernst Pierre
Songwriter

Lyrics

Mezanmi genlè’n pa sa kap pase
Peyi’n pran direksyon
Poul sispann egziste
Fyèté nou
Fok nou nan ranmasel anba pyé
Se pa sèl nan listwa’n poul ret grave
Gen nan nou ki debousole
Ki oblije pati
Al chache lavi
Ki tonbe sou imilyatyon
Nou pedi sansiblité’n
Sinn ba yo chay pote
Lavi a lou so do yo reziyé
Avanw jijé yo
Metéw nan plas yo oo
Yo pa fèl pou yo
Yo fèl pou piti yo
Yeba
Avanw jijé yo
Metew nan plas yo
Yo pa fèl pou yo
Yo fèl pou fanmi a yo
Ann gade
Kijan mizè nou progresé
Soti nan bwa fouye
Tonbe nan pran rout a pyé
Moun sa yo
Devan non yo
Fò’n met ero
Sou rout genyen ki menm pedi vi yo
Se moun ki abandone
Ki oblije pati
Al bouské lavi
Ki fe fas ak imilyatyon
Nou pedi sanblité’n
Si se yo n’kondane
Lavi a lou sou do yo debouye
Avanw jijé yo
Metéw nan plas yo oo
Yo pa fèl pou yo
Yo fèl pou piti yo
Yeba
Avanw jijé yo
Metew nan plas yo
Yo pa fèl pou yo
Yo fèl pou fanmi a yo
Ann pran tèt nou
Se pa plinyin poun plinyin
Mete men nou
Vwa nou tout konte
Ann pran tet nou
Se pa plinyin poun plinyin
Mete men nou
Vwa nou tout konte
Sa fè lonton
Nap pedi tan
Nou fe dilatwa rete tann
Nou kite tout sak te dèyè pase douvan
Le mond an avan
Menm nou pa ladanl
Politikman nou echwé
Blackout nan palman’n rive kay prezidan
Ann pran tèt nou
Se pa plinyin poun plinyin
Mete men nou
Vwa nou tout konte
Ann pran tet nou
Se pa plinyin poun plinyin
Mete men nou
Vwa nou tout konte
Sa fè lonton
Nap pedi tan
Nou fe dilatwa rete tann
Nou kite tout sak te dèyè pase douvan
Le mond an avan
Menm nou pa ladanl
Politikman nou echwé
Blackout nan palman’n rive kay prezidan
Written by: Athlet St. Fleur, Jean Ernst Pierre, Pachou
instagramSharePathic_arrow_out􀆄 copy􀐅􀋲

Loading...