Lyrics

Jwi lavi'w frè'm tout tan'w ka viv Bouske lavi, dèfwa tou konn detwi lavi Ou wè jou'w viv Ou pa konn ki jou wap mouri Jodia kout kon bout jupe Fome'l dous dous tankou yon bout kann (2 fwa) In the Bible says Pa gen anyen kap rete tout bagay gen pou pase Pouki ou tire tèt ou son lachte Si lavi a te gon pri, malere'k pa tap achte Check This Lyrics mwen vin krache M' garanti'w, tande mwen, ou kapab di'm sa vre Pa bò isit tout depote pè krim rache M'konn mezi pye'm, m'konn reziye, M'pap janm vin lache A mon avis, si Chris te bay souf la avi Les homme tap fè trop chelbè, djole ak visaj ravi Men li met lanmò tre frekan ak lizaj radi Sa koz sa'w fè konpare, se la'k lanfè ak paradi Jwi lavi'w frè'm, sa faut que tu le saches Ou mèt yon ouvriye, met sa devan yon machann pistach M'pa kwè nan sa gen ran sosyal, ki dire klas Men talè kontra'w bout Misye lamò gen yon ti pass kout DEJAVOO!... Jwi lavi'w fre'm tout tan'w ka viv Bouske lavi, defwa tou konn detwi lavi Ou we jou'w viv Ou pa konn ki jou wap mouri Jodia kout kon bout jupe Fome'l dous dous tankou yon bout kann (2 fwa) Chak moun gen yon fason yo konsevwa lavi Yo ka gen menm pòt antre, jamais yo pap janm gen menm pòt sòti Sinon pa tap gen sezon sechrès, ni sezon lapli Ou pa tap konn kote'w prale, si'w pat konn kote'w sòti Chak jou ta dwe fèt pou ou, anyen pat dwe frèt pou ou Execption, deception, kout baton pat dwe fèt pou ou Mwen gen 25 an, m pa konn si map wè 26 zan Tout fwa m ta wè'l, mwen ret kwè'l pap rete pou tout tan Se gade wè'w sou yon kabann Yon dal moun kanpe devan'w Yap prye pou je'w louvri kèt, Se sa pifò tout tap tann Pou yo di'w kenbe di Entèl pat ka vini 50 dola, Dread, m'oblije pote'l pou li Lè'w vin jwenn konesans, Ou wèw pèdi yon membre kelkonk Moralman ou pèdi manman'w Non se sèl li ki sou sèn nan la, Poze kestyon pouki malè pat avèti'n Menm jan tout yo di'n, Fòk nou ka sispann bati bò ravin Jwi lavi'w fre'm tout tan'w ka viv Bouske lavi, defwa tou konn detwi lavi Ou we jou'w viv Ou pa konn ki jou wap mouri Jodia kout kon bout jupe Fome'l dous dous tankou yon bout kann (2 fwa) Chak fwa map trip, mwen pa janm panse ak lanmò E lè'm kwaze an yon antèman, m etone kèm bat fò Lè sa ba'w tan pou'w brase Se pou le pye'w glise pou'w prepare pou'w tonbe Di ak frè'm, di ak sè'm lavi se yon defi Kit se fanmi'm.kit se zanmi'm Piga'w kouri sou li Pa gen anyen ki piti Si lanwit te easy Pa gen moun ki tap tap janm femen pòt pou li Yo lavi a dròl, li di, nou tout fini pa viv li kanmen'm De jou ou kontan, konsa tou de jou, ou ka wè ou vin blèm Yo'w se sans li bòs, tout sa map diw rete fèm Branche pou'w rete, se moun kap batay ki viv Ou ka chwazi kòman vle viv, Men jamè kòman w vle lib Yo'w chwazi manje diri, men jamè mayi ak viv Si'w gen le chwa, pa gen rezon pou'w ap komplexe lavi Men'm lè touman'w anpil, ak sa'w genyen Pa jan'm bouke jwi'l yo'w Jwi lavi'w fre'm tout tan'w ka viv Bouske lavi, defwa tou konn detwi lavi Ou we jou'w viv Ou pa konn ki jou wap mouri Jodia kout kon bout jupe Fome'l dous dous tankou yon bout kann (4 fwa)
Writer(s): Cedric Sebastien Casseus Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out