Lyrics

Nou gen wa, nou gen ren nou fò, nou gen pouvwa Se pou sa, yo te mande m ' ki jan nou pa ka chita Se met ko, ki veille ko, gen moun ki pale twòp Se pa yo ki gade, lang yo, on ti jan pwòp Pa enkyete, lap tounen, eksperyans lan li bezwen Bouche nen ou, pou ka bwè, mem si dlo an senti Zwazo li fè nich li, kay li te kite'l Ou kre li te pèdi, men non mon che men li Piti piti pa kouri, ou se rich malere Nou ka rèdi, tankou frèdi, gade gade nou fek rive Piti tig se tig, nou gen travay pou nou fè Nou pa gen fatig, bagay sa li pi gwo pase ou Santi bon koute che, yap touche salè Gen le e sa mwen pa konnen, yo te dim lot jou Gen yo ki kon kouri, e yo pa kon kache Me lè mare a ap monte, nou we sa ka naje Yo pa vle pou nou di 'n te la Me jodi yo met bliye sa Me jodi yo met bliye sa Me jodi yo met bliye sa Me jodi yo met bliye sa An mnet rad sou nou, nou pral soti aswè Lan nwit lanjèn, li semble li pap tounen granmoun Gade, gen moun chak jou, ap pouse style sou nou Jodia nou fre, nou bat fe tankou se kalalou Mwen te fon on rèv, nou tout bezwen tande li Mwen te gon malet, mwen t ap mache deyò, on moun mande'm An pran pose popo, m'gade m' reponn Se on dosye ki rele 1804 Semble yo fou, yo pa bwè, yo vle pou'm bliye,gen le yo sou Map fè'o tounen lakay, gaye ou pa gen kou Gade jan nou lage sou nou An selebre tankou nou fin manje on soup joumou Yo pa vle pou nou di 'n te la Me jodi yo met bliye sa Me jodi yo met bliye sa Me jodi yo met bliye sa Me jodi yo met bliye sa Leve ______Rele Gade ki jan nou kon fwette Devan ________ Deye Si ou an vi, mete men'u an le Si ou an vi, mete men'u an le Fon gade deye, pou n'bouje devan Gade timoun yap grandi, fo kite'l pale Fon gade deye, pou n'bouje devan Pa pouse'l a mon che, on jou nou pral rive Gade moun yo di yo la E menti yap bay kounya Sa fe date mon che nou la, e nou pap bouje e saaa Yo pa vle pou nou di 'n te la Me jodi yo met bliye sa Me jodi yo met bliye sa Me jodi yo met bliye sa Me jodi yo met bliye sa
Writer(s): Ralph Odman Joseph, Frank O Sullivan, Daniel Russo Garrido Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out