Lyrics

Se kenny, ou-ye, Fatima Cheri, pou jan m wè w la M ka wè w trè estresan E m ka wè w gen yon nèg nan vi w ki vle w touye tèt ou Ki al fè konnen w pa imotèl Yon bandi konsa, fò w pè l E m wè w la ak misye kanmenm Li kraze tout sa w te vle bati Pou jan w ye, fò w ta chanje jan l aji Ou pa ka ak yon moun k ap bat ou nan lari M pa vle w rete, sinon w ap pedi lavi w, oh-oh-oh Pandan nèg sa pran vi w, li vle redwi l an sann Mwen, m vle ba w yon lanmou san limit ak tou nanm Pandan lè w pale avè l, kom repons, tèt ou l fann Men m g'on valè lanmou andan kè m k ap ret tann ou Ah-ah-ah, ah-ah-ah Oh-oh-oh, oh-oh-oh Ah-ah-ah Eh-eh-eh Oh-oh-oh, oh-oh-oh Kisa w te vle m kwè Kisa w te vle m fè Pou mwen, se li k te toujou la Si m leve, m ale, kraz'on kite sa Nan je tout moun m ap yon engra Si l te fasil pou mwen jan w ap esplike l la, kwè mwen M t ap gen tan bat zèl mwen, m vole deja Se pa konnen m pa konnen jan l ap trete m lan lèd Mwen ba l pòt kè m, e li chanje kle a Pandan nèg sa pran vi w, li vle redwi l an sann (se pa konnen mwen pa konnen) Mwen, m vle ba w yon lanmou san limit ak tou nanm (si sèlman, si mwen te kapab) Pandan lè w pale avè l, kom repons, tèt ou l fann Men m g'on valè lanmou anndan kè m k ap ret tann ou Reyalite a p ap chanje Se vre m konnen l ap maltrete m San li, m pa konn kiyès mwen ye M santi kè mwen ap rache Lè m wè dlo ap koule nan je w Franchman mwen swete sa chanje Ah-ah-ah, ah-ah-ah Oh-oh-oh, oh-oh-oh Ah-ah-ah Eh-eh-eh Oh-oh-oh, oh-oh-oh
Writer(s): Kenny Stinvil Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out