album cover
Oupila
album cover
00:05
00:10
00:25
00:35
05:20
00:00
05:41
Past 7 Days
Oupila was discovered most frequently at around 5 seconds into the song during the past week

Music Video

Music Video

Lyrics

Cheri lè n te kite kè m te tèlman blese m te vle fè w mechanste
Kou on vwati dezanbreye tan ape pase mwen pa ka bliye w
Konnen se le pase men m toujou ap mande pouki sa pat mache
Ou fèm soufri lontan a chak fwa mwen pale w toujou di m se pa vre
Chak fwa ke m rankontre w m fè kòmsi m pa bezwen w
Menm si ou wè mwen pap kriye andedan kè m ap dechire
Chak fwa ke m rankontre w m fè kòmsi m pa renmen w
Menm si ou wè mwen pap kriye andedan kè m ap dechire
Pou jan nou te renmen pèsòn pa ta panse ke yon jou n ta kite
Men lè sa pa mache pa gen de solisyon n oblije separe
M swete yon jou ou twouve yon lòt gason k renmenw e ki pap janm kite w
Cherie pa janm bliye menm si n pa viv a de mwen vle w toujou heureuse
Chak fwa ke m rankontre w fè m kòmsi m pa bezwen w
Menm si ou wè m pap kriye andedan kè m ap dechire
Chak fwa ke m rankontre w fè m kòmsi m pa renmen w
Menm si ou wè mwen pap kriye andedan kè m ap dechire
Nou chak fè yon chemen
Pou soufrans nou pa retounen
Santi kè m vin febli
E lanmou pa frape piti
Nou chak fè yon chemen
Pou soufrans nou pa retounen
Santi kè m vin febli
E lanmou pa frape piti
Byen ke m twouve yon lòt doudou e panse a ou tou lè jou
Lè konsa m santi mwen dekontwole mwen santi m debousole
Wi se ou, se ou ki toujou gide mwen
Li pran mwen tan pou m reyalize l e m pa ka efase l
Nou chak fè yon chemen
Pou soufrans nou pa retounen
Santi kè m vin febli
E lanmou pa frape piti
Nou chak fè yon chemen
Pou soufrans nou pa retounen
Santi kè m vin febli
E lanmou pa frape piti
Wap padone si m di w cheri lanmou m pou ou pap janm fini
Tèlman m gen souvni, m pa ka bliye w, m pa ka bliye w
Franchman m ta renmen wè w ankò, menm si nou ta fè ti chita pale
Doudou m ta santi mwen soulaje
Nou chak fè yon chemen
Pou soufrans nou pa retounen
Santi kè m vin febli
E lanmou pa frape piti
Nou chak fè yon chemen
Pou soufrans nou pa retounen
Santi kè m vin febli
E lanmou pa frape piti
Written by: Fred Paul, Kreyol Music Inc., Magnum Band
instagramSharePathic_arrow_out􀆄 copy􀐅􀋲

Loading...