Music Video
Music Video
Credits
PERFORMING ARTISTS
Gracia Delva
Performer
COMPOSITION & LYRICS
Descard Serge
Songwriter
Lyrics
SIKATRIS
(Paroles et Musique : Serge Descard)
Diskotèk ou chante nostalji lanmou w’ pèdi
Vanjans desepsyon w’ sibi
Fè ilizyon lanmou franchi
Fontyè reyalite
Fè-m’ kwè ke-w’ renmen-m’ vre
Nou lage nan lanmou k’ap jwe avek foli
Mwen m’ pa jwenn pot pou m’ soti
Ou make nanm mwen pou lavi
Sa-a s’on reyalite
Cheri mwen m’ renmen-w’ vre
Pa pran lanmou m’ pou fè pansman pou kè blese
Analjezik pou santiman-w’ ke yo bafwe
Sikatris lanmou kite
Sa pap janm efase
Men m’ konn’ Bondye pi fò
La fè-m’ damou ankò
Priyè-m’ se pou m’ arive
Jwenn yon lot ki merite
Lanmou sa-a m’ te vle ba-w’
Si-w’ te gade-m’ nan bra-w’
Imaj ou la
Tras ou la
Sikatris ou la
O menm Pafen ou la
Nan kè-m’ cheri
Se pou lavi
Istwa lanmou m’ mele ak pa-w’
Depi jou je m’ kontre ak pa-w’
Kouman pou m’ fè pou m’ efase
Lanmou sa-a nan kè ou grave
Ou fè kè-m’ tounen yon dezè
Nan lanmou m’ pa ka jan wè klè
Nan nanm-mwen w’ vin tounen on touman
Paske m’ renmen-w’ enfiniman
Written by: Descard Serge