album cover
Verite
59
Hip-Hop/Rap
Verite was released on May 7, 2023 by Krispek as a part of the album Gid
album cover
AlbumGid
Release DateMay 7, 2023
LabelKrispek
Melodicness
Acousticness
Valence
Danceability
Energy
BPM80

Music Video

Music Video

Credits

PERFORMING ARTISTS
Krispek
Krispek
Performer
COMPOSITION & LYRICS
Krispek
Krispek
Songwriter

Lyrics

VERITE
[Verse 1]
M pap wè 34 pou m di 24
Kè m ap rache
Bafwe verite l ap bafwe w back
Se boomerang
Se paske m pa vle gade dèyè lè m ap mache
K fè lè vis kesyone m
M kite onètte pale pou mwen
Vini dwat m pa nan rakonte
Si m paka mansyone w pou m mande kont
Ou pa bezwen vin di m sa w tande sou mwen
Sou n’fama m pap janm ka konte
Si yon fwa ou te wè m akize yon frè de trayizon pinga w mande l pou mwen
Fò w lwayal pou w nan antouraj mwen
Matirite pa chif
Yo twouve mind mwen twòp pou laj mwen
M ap riske vi m pou ou men fò w pa pwofite kouraj mwen
Se pa ke m awogan, voyons, hein
Padone m pou raj mwen
Chérie, tet frèt
Si m di w m renmen w konnen m te verifye
Relasyon an ka toujou kraze
Men si m te try m te vle li vre
Sosyete kondane w, ou rayi m
Sepa sa k ap fè w delivre
Destine deside jije
Pa gen lòt chwa
L te dwe rive
Se verite!
Konbyen ki kapab tande l?
Konbyen ki ka di l?
Nan kache li pou twò lontan tèt konbyen ki pati?
Konbyen ki ka rakonte yon istwa ki trajik
K ap sove nanm men k ap koz antèman yon kò ki frajil ?
Verite
Verite
Al di yo menm lanmò pa pi gran ke verite.
Verite
An verite
84 mil mansonj pa vo 1 verite
Genyen ki POU
Genyen ki KONT
Men lè l fini pa eklate genyen ki WONT
Genyen ki transfòme li
Gen k chèche fonn li
Genyen k ka fè w kriye
E genyen k funny
Pa fè sòt ou kontre ak lespri m
Pa di m ke w pat vle di m tout verite jis pou w pat detwi m
Pa gen moso verite
Depi w kache on pati, ou bay manti.
Sepa yon veyikil, putain de merde!
Li pa gen ralanti
Mond lan bati sou mansonj
Se sa k ap efondre l
Yon Bondye m pa janm kontre, jan m fè konn si m resanble l?
Malheur à l’homme qui se confie en l’homme
Se sa k di nan bib la
Du coup sa ban m tout dwa pou m doute de sa k di nan bib la
Puiske se lòm ki ekri l
Si se vre love vle di benveyans, byenfezans
Lòm pa gen lanmou.
Twòp vye krim
Ou mèt fè 50 mil an ap repet on mansonj, li pap janm transfòme an verite
Y ap demaske w
K on clochard nan on carré V I P !
Konbyen ki kapab tande l?
Konbyen ki ka di l?
Nan kache li pou twò lontan tèt konbyen ki pati?
Konbyen ki ka rakonte yon istwa ki trajik
K ap sove nanm men k ap koz antèman yon kò ki frajil ?
Verite
Verite
Al di yo menm lanmò pa pi gran ke verite.
Verite
An verite
84 mil mansonj pa vo 1 verite
Written by: Krispek
instagramSharePathic_arrow_out􀆄 copy􀐅􀋲

Loading...