Credits
COMPOSITION & LYRICS
Claudio Yves-Mario N. Pandache
Songwriter
Isaac Emmanuel Cetoute
Songwriter
Kerven Lebrun
Songwriter
PRODUCTION & ENGINEERING
Zazou Beats
Producer
Kolo
Mastering Engineer
Lyrics
Pòtoprens tèt frèt lè fè nwa sou po l
Pa de koze k ap di sou do l
Tan pou yo chanje motè l
Yo pito douko l
Y ap pran woulid
Yo menm k ap blo l
Pou pran fòm li m vire lavi m lanvè
Plede goute gou bouch li ban m avangou lanfè
Nan fon lannuit li l souvan kwaze m je klè
Ap ekri sou pwoblèm li kòmsi sa ap ede l refè
Konn met mo kote k mande aksyon
Pa gen tèt cho G
Anyen pa byen fèt san pasyon
Plim mwen tèt frèt
Lè vil la sou tansyon
Non m pa powèt k ap ekri
Sou sansasyon
Kèk mo jodi pou pran swen demen l
Je fèmen kè louvri
M lage lavi m nan de men l
Menm lè l ban m yon dal dosye k mal klase
Yon dal frè k te twò cho pou kenbe fè k mal pase
Ti pito pa met mo sou tan m
Koz pou m ekri
Nan plas lank se dlo je l ak san l li ban m
Chak lè de je vil la fèmen
De pa m yo ret limen
Ap reve pou dòmi pran m
Se pou touman l n ap kreye
Yon plas nou ba l nan chak santiman
Se zafè kè n ap regle
Pa konfonn milèt avèk militan
Pòtoprens salon
Pòtoprens lari
Pòtoprens viv
Pòtoprens mouri
Pòtoprens tèt frèt lè fè nwa sou po l
Pa de koze k ap di sou do l
Tan pou ta pran swen kè l yo jije l sou po l
Krache nan bouch li pran pòz w ap bo l
Written by: Claudio Yves-Mario N. Pandache, Isaac Emmanuel Cetoute, Kerven Lebrun

