Lyrics

Youn de twa kat Ou gon jan w brote tèt ou banmwen Tankou se ou k te vle blese a Mwen pa konprann poukisa Pouki se ou ki vle blese a M gentan konprann Ou vle on bon nèg m sanble sa Men mwen pa poukò m Men pa sanble ou kè Ou genlè pa fin twò kè non Ou wè lavi Jou mwen frape ou louvri Ou ta dwe pèdi Tout bèl rezon ki fè M santi w vle m andedan Tou santi gaz si m pase tou pre w Jan w cho a ri rebecca tou boule Pou di m o wi bebi Ti nannan plen dlo Si w pa kwè m ka moutre w Ou tankon bèl ti voyaj Men se kote w Vle ateri ak trouble m Ou kwè ti farinay sa vo tout dlo moute sa Pouki se wout sa w chwazi sè mwen Paske moun pa janm pa kanpe ap gade ou Rimè a di e ou ki pi move San manti baz sanble gen koupe vre Eskize m men se sa w vann mwen Sa fon ti tan m vin on jan pi pridan Ou kon peyi k chaje kalite Kap kreye ensekirite Anpil pral panse Ou son moun serye Nan on sosyete volè abiye Sa w tapresye lakay mwen yo Pral menm sa k kondane w yo Nou ka chante Nou ka danse Nou ka ranse Nou ka griyen dan Men se kè w ki pral fòse ou sonje ke Lanmou pa okouran Ou gon jan w brote tèt ou banmwen Tankou se ou k te vle blese a Mwen pa konprann poukisa Pouki se ou ki vle blese a Ou gon jan w brote tèt ou banmwen Tankou se ou k te vle blese a Mwen pa konprann poukisa Pouki se ou ki vle blese a Youn de twa kat
Writer(s): Medjy Toussaint Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out