Credits
PERFORMING ARTISTS
Flav
Performer
BobDoll
Guitar
COMPOSITION & LYRICS
Salil Lirah
Songwriter
Athlet Flav St Fleur
Songwriter
PRODUCTION & ENGINEERING
Salil Lirah
Producer
Bangerz Hitz
Recording Engineer
Reynaldo Martino
Mastering Engineer
Lyrics
Sa du sa du (x2)
Nou te gentan abitye avel vre
Nou te gentan konn jwe avel
Nou te gentan gen nom pou li
Nou te gentan fè plan pou li
San li Potko menm fèt
Li te met la jaw nan kay la
Mezanmi Gadon fret oh
Lavi chavire bagay la
Cheri mkonn kou a di se vre
Plizye tantiv echwe
Pran kouraj bel manman
Batay la poko fini vre
Si Nou te fel ansanm tande
Ou pa pou kow baby
Lò’w santiw pare Joan nap rekomanse
Ou met pran kouraj
Kouraj oh lavi pap fini oh
Bondje pral beniw anko
Wap rejwenn souriw anko
Kouraj oh lavi pap fini oh
Si jodia’l fè nwa
Men lap jou demain kanmenm
Aprè 1-2-3 npedi nap vize anko
Nou ka fel anko
Viktwa Viktwa pou nou’l ye
1-2-3 npedi nap vize anko
Ou met Poze ti manman
Viktwa pou Nou’l ye
Hmmm Si sa te rivew bel manman
Si Wap viv situation sa kouramman
Mkonn sa Wap viv la pa gou
Men yon jou bouch Ou gen pou change gou
Mkonprann Ou ti doudou
Pa panse Ou pou kont Ou
Yon lè lap jou pou ou
Yon jou yo gen pou yo relew manman tou
Ou gen pou achter bibon
Ou gen pou di dodo titit
Chante bel ti Chanson
Ou merite sa li poko tro ta
Ou met pran kouraj
Kouraj oh lavi pap fini oh
Bondje pral beniw anko
Wap rejwenn souriw anko
Kouraj oh lavi pap fini oh
Si jodia’l fè nwa
Men lap jou demain kanmenm tande
Aprè 1-2-3 npedi nap vize anko
Nou ka fel anko
Viktwa Viktwa pou nou’l ye
1-2-3 npedi nap vize anko
Ou met Poze ti manman
Viktwa Viktwa pou Nou’l ye
Met sispann kriye baby
Seche dlo nan Je’w baby
Si jodia Ou pedi on bon
Se Paske demain Ou pral gon meyè
Nou jeune toujou e’w toujou bel nan jem chak jou
Oh mpaka tann kilè geri baby
Pou nap fè piti
Written by: Athlet Flav St Fleur, Salil Lirah

