album cover
Zanj
4,688
Hip-Hop/Rap
Zanj was released on January 5, 2025 by SafeLab as a part of the album Lache Priz, Pt.1
album cover
Release DateJanuary 5, 2025
LabelSafeLab
Melodicness
Acousticness
Valence
Danceability
Energy
BPM80

Music Video

Music Video

Credits

PERFORMING ARTISTS
Opak MNG
Opak MNG
Performer
COMPOSITION & LYRICS
Ronald Merisier
Ronald Merisier
Songwriter
PRODUCTION & ENGINEERING
Filip à la Prod
Filip à la Prod
Producer

Lyrics

Listwa n debite kote chak detay chak moman inik
Kote chak jou letènite plede kwense kò l nan minit
Koz apre selman kèk mesaj nou echanje
Mte deja gen enpresyon mwen ak ou pa t janm etranje
Apre selman kèk kout fil nanm nou te konekte
Nou te gentan konn lòt san twòp enfomasyon pat kolekte
Apre sèlman kek balad kèk vire won kòt a kòt
Mwen ak ou t al douvan kay zetwal pou n al fè pòt a pòt
Apre selman kèk silans ke nou te pataje
Raga w te fè gwo bri nan mwen jouk tenpan kè m te Sakaje
Se nan rankontre w m rann kont ke zanj yo pa gen zèl
Se nan mache avew m wè anba pye m ka gen Syèl
Se bo kote w m wè etènite ka kwense nan on enstan
Nou fè moman chifonen tounen souvni a eskanp
Se nan gadew m wè pi gwo atis la se lanati
Se nan genyenw w m ran kont koulè zetwal chans mwen pa t rabi
Listwa n pran fin l kite m a on gou koupab
Mt e remèt monnen ladann sa kite m a on gou koutay
Ofil tan moun m ye a te jwenn repè pou tèt li nan ou
Wa konprann sa l fè lè listwa nou kase tèt li nan wout
M ta swete rachte m men pou ou kè m manke m ontan
M pa panse l te posib pou on moun manke m otan
Se lè lanmou w pou mwen mouri m wè se li k te kenbe m anvi
Vid la sispann ranpli m la tout mwen k tonbe nan vid
M bliye kòman pou l viv san ou kòmsi pou mwen tan pran konje
M pat bay tou mwen lè w te la men absans ou pran m an antye
M pat gen anvi dekonekte ni pèddi lyen an
Siman m t ap mal jwe e sa k fè m pedi men an
Dlo nan je m yo preske plen bak la m preke koule
Flanm lan kite kè m li pran kò m m preske boule
M ap pote souvni yo kòmsi m g on bout nanm ou andanm
Ou banm kontrè sa w te pwomèt menm swete w tout lanmou mond lan
Written by: Ronald Merisier
instagramSharePathic_arrow_out􀆄 copy􀐅􀋲

Loading...