Music Video

Music Video

Credits

PERFORMING ARTISTS
Luck Mervil
Luck Mervil
Lead Vocals
Rudy Toussaint
Rudy Toussaint
Background Vocals
Pierre Mervil
Pierre Mervil
Background Vocals
COMPOSITION & LYRICS
Luck Mervil
Luck Mervil
Arranger
Kasav
Kasav
Composer
Rudy Toussaint
Rudy Toussaint
Arranger
PRODUCTION & ENGINEERING
Luck Mervil
Luck Mervil
Mixing Engineer
Michael Neron
Michael Neron
Mixing Engineer
Luc Theriault
Luc Theriault
Mastering Engineer
Rudy Toussaint
Rudy Toussaint
Mixing Engineer

Lyrics

Ti mari pa gen manman, li pa gen papa
Yo pran l, yo fè l sè vi bòn, yo pa janm voye l lekòl
E si li pase lèbòn, y ap simen baton sou kò l
Ti mari se rèstavèk, yo di s on timoun ki bèt
Bondye gad jan on timoun rèk, fè manje, lave, pase
Yo di se pou sa l sou tè, sèvi moun, al lan mache
Se sa sèlman yo vle l fè, yo vle l fè
A yayayayay!
Men chak samdi swa
Li pran miray kay daso
L al kay yon frè l ki bòkò
L al sekwe tè, l al jete dlo
L al fon ti monte piwo, piwo
Pou l sa pale ak nèg anwo yo
L al fè je li koule dlo mezanmi
Ti mari danse sanba
San je l pa gade anba
E si li pote lakwa
Se pa li y ap met sou kwa
Gen yon jou ka va rive
Ti mari gen pou l leve
Tout moun a gade l kwè moun
Sou latè tout moun se youn
Roudlòk di jou va jou vyen, pito sa ke malgre sa
Lavi a tankon yoyo, sa k anba gen pou l anwo
Mèkredi swa, l ap travay
Ay! Jedi swa, l ap travay
Woy! Vandredi swa l ap travay
Men chak samdi swa
Li pran miray kay daso
L al kay yon frè l ki bòkò
L al sekwe tè, l al jete dlo
L al fon ti monte piwo, piwo
Pou l sa pale ak nèg anwo yo
L al fè je li koule dlo mezanmi
Ti mari danse sanba
San je l pa gade anba
E si li pote lakwa
Se pa li y ap vin mete sou kwa
Yo pap mete l sou kwa
Di mwen konbyen san manman ki pete fyèl ti fanmi yo
Ma di ou konbyen san manman ki merite nou fann fwa yo
Di mwen pou ki lan peyi d ayiti timoun ap mouri
Pour le drapeau, pour la patrie, machann diri ba yo diri
Mezanmi lespri m louvri, men lestomak mwen sere
Mwen konn li, mwen konn ekri, mwen ta renmen konn manje
Lan lopital pòtoprens, timounn yo pa ka krye
Lamitye pinga w bliye, gen yon jou sa va chanje
Pa bezwen pale, pa bezwen kriye
Roudlòk ap chante, se pou nou tande
Pa bezwen pale, pa bezwen kriye
Roudlòk ap chante
Roudlòk konn danse sanba
San je l pa gade anba
E si yo vle l pote lakwa, si yo vle l pote lakwa
Pou frè l yo ak sè l yo, mezanmi!
Yo gen dwa mete l soukwa
Ay! Yo gen dwa mete l sou kwa
Ayayayayayayay!
Written by: Kasav, Luck Mervil, Rudy Toussaint
instagramSharePathic_arrow_out

Loading...