Music Video
Music Video
Credits
PERFORMING ARTISTS
MAK BILLY OFFICIAL
Performer
JOHN CLERGE
Background Vocals
COMPOSITION & LYRICS
MACK BILLY TYRA
Songwriter
PRODUCTION & ENGINEERING
JOHN CLERGE
Graphic Design
Lyrics
Mak Billy Official ft Fantom
Pa tann lèm mouri
Pou w vin kriye sou tonm mwen
Dayè m tap viv poukont mwen
Okenn moun pat sou bò mwen
Mwen konn se lavi
Chwa m yo tounen ponya pou mwen
Se toujou yon zanmi
Kap vin raple m pase mwen
Ohh~~~
M te pase tout tan m nan ede zanmi
Bliye tèt mwen pou m ka fè yo plezi
Tristès mwen te kache dèyè yon souri
Lèm pi fèb la se lè sa yo kouri
Refren
Pa tann lèm mouri
Lèm an difikilte
Pou w ap di janm te bon
Pou w chèche kote m ye
Se pa sak zanmi
Sispann f ipokrit
Ann pwofite lavi
Ann pwofite lavi
(Koral)
Oh~~~~~
Oh~~~~~
Oh~~~~~
Oh~~~~~
//
Zantray
Se tèt ou pou w f plezi dabò
Pou mezi sabò
Lavi gen pou l ba w
Pou w pa sezi lè w wè w te poukò w
Tout moun arebò w
Se tout tan w genyen yap ret sou bò w
Ou te vin poukò w
E lè w prale a ou prale poukò w
S’on fason pou m diw nan kè kounya yo lanmou minim
Eseye fè kwè ou pa genyen apre wa vin dim
Si wap wè yon grenn nan sak te konn ap rele w zanmi m
Fè saw gen pou w fè e sa kap bon pou ou a zanmi m
{Bridge }
Zanmi pre al kay zanmi lwen
Zanmi lwen al kay zanmi pre
Zanmi pre se kouto debò yo ye
Zanmi lwen se lajan sere
Ou ka wè w la avèk yo
Manje sou menm tab ak yo
Men sa pa anpeche baw yon kout kouto nan do
Refren
Pa tann lèm mouri
Lèm an difikilte
Pou w ap di janm te bon
Pou w chèche kote m ye
Se pa sak zanmi
Sispann f ipokrit
Ann pwofite lavi
Ann pwofite lavi
(Koral)
Oh~~~~~
Oh~~~~~
Oh~~~~~
Oh~~~~~
Written by: MACK BILLY TYRA

