Credits

PERFORMING ARTISTS
Wendyyy
Wendyyy
Vocals
COMPOSITION & LYRICS
Wendyyy
Wendyyy
Songwriter
PRODUCTION & ENGINEERING
Wendyyy
Wendyyy
Co-Producer

Lyrics

M te dim fin pale men map regret sim pa di’n sak sou kèm nan
Pou sam pral di a m eskizem devan être suprême nan
M pa dwe di m regrèt men map regrèt sim pa dim regret ke bondye te kite espèce tankou nou pran nesans sou tèm nan
Nou pa konn istwal Nou pa konn valèl
Nou fè bonè nou nan malèl
Se mizè nou bal kom salèl
Pitit li ekzile nan fredi se lot nasyon kap pran chalèl
Zansèt nou yo goumen an ven nou pa menm rekonstwi palèl
Ayiti wi mesye
Perle des Antilles wi mesye
Kote tousaint kote desalin soti wi mesye
Nou fèl santi wi mesye
Tout fyèten soti wi mesye
Bon Komann fè domi , komann viv , komann santi Nou mesye
Li lè poun met tet ansanm pou nou sispann goumen youn kont lòt
Se lè poun konsyans poun konnen nou se frè pou youn wont lòt
Si nap fon révolution an nou fèl asanm pa youn kont lòt
Koz youn konn lòt & youn kon lòt
Ap met men poun pa al sou kont lòt
Ann panse pozitif panse pou mwen map panse pou ou
Si youn te blese lòt panse pou mwen map panse pou ou
Se sel fason nou ka goumen , sel fason nou rnou ka ini gen lòt fason de tout fason , fon fon fason pou sa fini
Twop frèn ap mouri
Twop kò nan fatra ap pouri
Twop granmoun , twop manman a ti bébé nan lari ap kouri
Twop abi , nou fè twop san zabri , twop kay boule
Twop krim twop avni gache twop San koule
Nou tap mande jistis pou Éveline men nou pat sensè
Apre 2 jou tout vye krim re pran A.S.A.P
Sin ret ap woule tete jenès la ap peri kon Sexy sel fason pou. Pa goumen an ven se fèl a on but presi
Map pede ekri sak ekri deja
Préfixe sak préfixe deja
À quoi bon poum pale si se poum al re di sam te di deja
Nou pa abouti koz nou pa janm komanse pou nou fin ansanm
Si nou pran konsyans nou ka pa fanmi e alye men nou ka viv ansanm
Linyon fè la fòs men nou fè fòs nou nan kraze linyon
Yo kontwole sèvon poun pa kontwole lè yap kontwole milyon
Si pa gen rezilta nou dwe chanje fason nou pwosede
Nou son bann obsede kap goumen poun gen san pap janm posede
Se lòt moun kap gide mou nou sa zansèt yo gide pou nou nap goumen poun tè , poutan tè la pou lèn mouri pou yo vide sou nou
C’est assez kopatriyòt gon priz de konsyans ki dwe fèt map raplen ke se devann Napoléon te pran defèt
Nou ka paka chanje sa yo fè men nap fè yo regret sa yo fè de nou
Ann trason ekzanp poun ka fè zansèt yo fyè de nou
Jwèt la truke annou bat on lòt kat
Aprè 1804 to ou ta fòk gen on lòt dat
Written by: Duvert Wendy
instagramSharePathic_arrow_out

Loading...