album cover
Pale
4
World
Pale was released on July 31, 2025 by mCo. Music Group as a part of the album multiCo.
album cover
Release DateJuly 31, 2025
LabelmCo. Music Group
LanguageEnglish
Melodicness
Acousticness
Valence
Danceability
Energy
BPM80

Credits

PERFORMING ARTISTS
Jerry Jn Camille Joseph
Jerry Jn Camille Joseph
Piano
COLLINX MONDESIR
COLLINX MONDESIR
Background Vocals
COMPOSITION & LYRICS
COLLINX MONDESIR
COLLINX MONDESIR
Songwriter
PRODUCTION & ENGINEERING
Jerry Jn Camille Joseph
Jerry Jn Camille Joseph
Mastering Engineer
COLLINX MONDESIR
COLLINX MONDESIR
Executive Producer

Lyrics

M vle pale avè w
San m pa fe okenn bri
M pa vle kase
Sa w fin goumen konstwi
M konnen n frajil
M pa vle ajoute plis
Si menm silans parèt twòp
Kòman pou m di w kisa m santi?
M ta depoze doulè m
Sou fèy papye
Chak fwa m tante
Dlo je w miltipliye
Batman kè m klaksonnen
Pou ka tande m
E poutan se nan tèt mwen
Sèlman vwa mwen rezonnen
Kilè nou ka pale
San n pa kraze brize
San kè n pa frakase
Menm si nou chak se ze fele
Kilè n ka rakonte n
San lapli pa tonbe
San solèy pa al kouche
Pou fòs fenwa abite
M vle palavè w
Cheri tanpri tanpri
Tanpri di wi
M konnen pafwa
Se mwen wi wi
Se mwen ki pa louvri
Sajès ou maladrès
G on mal ki pa geri
Men Souvan se mwen
Ki monte miray
K anpeche w
Jwenn mwen vini vini
Lanmou nou pa loray kale
Nou ti bebe poutan
Sa n ap trennen depi lontan
Avegle n sepandan
Tan sispann tan tan
N toujou kontan
Chak fwa n gad lòt nan je
Ni mwen ni ou pa merite
Pou lanmou mete kè n andanje
Kilè nou ka pale
San n pa kraze brize
San kè n pa frakase
Menm si nou chak se ze fele
Kilè n ka rakonte n
San lapli pa tonbe
San solèy pa al kouche
Pou fòs fenwa abite
Fon pale
Fon pale
Fon pale
Gen twòp pawòl
Pou nou rakonte
Fon pale
Fon pale
Fon pale
Ak ki kouraj
Nou pral rakonte n
Kilè nou ka pale
San n pa kraze brize
San kè n pa frakase
Menm si nou chak se ze fele
Kilè n ka rakonte n
San lapli pa tonbe
San solèy pa al kouche
Pou fòs fenwa abite
Kilè nou ka pale
San n pa kraze brize
San kè n pa frakase
Menm si nou chak se ze fele
Kilè n ka rakonte n
San lapli pa tonbe
San solèy pa al kouche
Pou fòs fenwa abite.
Written by: COLLINX MONDESIR
instagramSharePathic_arrow_out􀆄 copy􀐅􀋲

Loading...