album cover
MEMPHIS
album cover
00:15
02:00
02:25
00:00
02:52
Past 7 Days
MEMPHIS was discovered most frequently at around 2 minutes into the song during the past week

Music Video

Music Video

Lyrics

M vize wo, m mize gwo, m chanje menm vi m
M aprann fè ti gòl san m pa jwenn okenn pas
M paka fè sanblan, m pa nan fè vye grenn siy
Depi w pa nan kè m, nou pa ka sou menm tab
Rèv la se te rap, jwe balon kou Memphis
2 dwèt sou zòrèy depi w wè l se game dope
Lè m vire do m, nimewo m rete menm chif
Pa panse nou menm si nou jwe nan menm stad
M vin kòmanse ouvè je m sa fè m sispann ouvè bra m
On bann bèt a ke, m ka di w on bann moun ki kou wè chat
M konn bouch ki renmen fè kim san yo pa konn koulè pat
Kreyon m fè rim san ke l pa konn doulè paj
M fè l pase mati
M pa nèg pou montre l grandi, l al chache rasi
On bann fèy ou wè nan tè t al chare rasin
M trè konfyan men sa pa di m pral pale radi
M pa di m pa chaje lakin
Rati k ap make lavi m
M pa pral di m gen bon nouvèl
Men m kenb afè m m p ap frape pòt talè n al fè m kou temwen jewova
Objektif mizik nou pa menm
W ap chache tout sa k mete kas, alòske mwen m jis bezwen melomàn
M vize wo, m mize gwo, m chanje menm vi m
M aprann fè ti gòl san m pa jwenn okenn pas
M paka fè sanblan m pa nan fè vye grenn siy
Depi w pa nan kè m, nou pa ka sou menm tab
Rèv la se te rap, jwe balon kou Memphis
2 dwèt sou zòrèy depi w wè l se game dope
Lè m vire do m, nimewo m rete menm chif
Pa panse nou menm si nou jwe nan menm stad
M sere degouden m pa konn jete kòb
Depi chanm nan foul m toujou fon fason pou m wete kò m
M fè madjigridji son fason pou m di m p ap prete gòm
M wè chèn pi lejè, m te manke toufe nan mete kòl nan kou m
M te vale fyète m, se pa mete bòl nan bouch
Nik wè sa pi bon, w vin pou tete djòl lan tou
M kwè w te met kachnen, kounya w vle pran sant
M panse w ka konprann
M p ap ka rete pete bò w san dout [Dis-leur]
Reve pi gwo ke vil ou kapital
Dèfwa fò w kanibal
M ka gen plizyè gwo defo men l p ap titalbè
M fon poze sou kèk relasyon amikal
M vize wo, m mize gwo, m chanje menm vi m
M aprann fè ti gòl san m pa jwenn okenn pas
M paka fè sanblan m pa nan fè vye grenn siy
Depi w pa nan kè m, nou pa ka sou menm tab
Rèv la se te rap, jwe balon kou Memphis
2 dwèt sou zòrèy depi w wè l se game dope
Lè m vire do m, nimewo m rete menm chif
Pa panse nou menm si nou jwe nan menm stad
M vize wo, m mize gwo, m chanje menm vi m
M aprann fè ti gòl san m pa jwenn okenn pas
M paka fè sanblan m pa nan fè vye grenn siy
Depi w pa nan kè m, nou pa ka sou menm tab
Rèv la se te rap, jwe balon kou Memphis
2 dwèt sou zòrèy depi w wè l se game dope
Lè m vire do m, nimewo m rete menm chif
Pa panse nou menm si nou jwe nan menm stad
Written by: Deb Ashley Nerestil
instagramSharePathic_arrow_out􀆄 copy􀐅􀋲

Loading...