album cover
Sou
album cover
Sou was released on March 1, 2026 by Gucci Star Music as a part of the album 6TEM
Album6TEM
ReleasedMarch 1, 2026
LabelGucci Star Music
LanguageEnglish
BPM103
Melodicness
Acousticness
Valence
Danceability
Energy

Music Video

Music Video

Lyrics

M trè sou m pa konn anyen
Ou fè'm kwè m pa vo anyen
G'on jan'w fè'm bliye tètan mwen
Sèl lè'm bwè m bliye'w nan kè an mwen
M trè sou m pa konn anyen
Ou fè'm kwè m pa vo anyen
G'on jan'w fè'm bliye tètan mwen
Sèl lè'm bwè m bliye'w nan kè an mwen
Pwoblèm sou Pwoblèm
M sou m pa sou anyen
Si'm souri m sou nèt
Si'm rele'w m soumèt
Sou nèt
M wèw ak yon lòt nèg
Yo di'l son milyonè
Siw kwè'm sonjo'w Alo lanmèd
Ou kwè tout souvni'n yo yo efase
M pap menm ret sou ou ou c le passé
Ou te di c'est assez
Ou pi mal kon tas kafe
Tèlman'w cho ou pa konn sa'w vle
Zanmi'w ap di yo pa vle'm
Pou ou m son deprave
Anh! Poutan e pa vre
Pou ou m chante kon Cave
Okòmansman ou bliye jan'w te soumise
Jan'n te fou'n te damou
Konya nou sanble de etranje lè'w wè'm ou fon lòt kafou
Je m'en fous
Mwen'm pakè
Nou de te konn lòt pa kè
Konya'w gade'm kon krakè
Zafè
Nan kè'm ou fè gwo Dega
Lanmou'm konya se boutèy mwen
Alkòl mwen nan tèt mwen
Pèsòn pa vin dim anyen
M chaje kou legba
M trè sou m pa konn anyen
Ou fè'm kwè m pa vo anyen
G'on jan'w fè'm bliye tètan mwen
Sèl lè'm bwè m bliye'w nan kè an mwen
M trè sou m pa konn anyen
Ou fè'm kwè m pa vo anyen
G'on jan'w fè'm bliye tètan mwen
Sèl lè'm bwè m bliye'w nan kè an mwen
Ou kite'm nan okipe fo zanmi
Pandan'm ta pwal bòw bag
Pou'n krey'on fanmiy
Ou trayi'm
E ou trayi'w
Pwòp dignite'w pou lajan
Menm lanmou rayi'w
M ezite
Men pou ou m te reziste
Ekziste
Nan kè'm ou rezide
Men'w byen montre'm son mauvaise idée
Bref
Konn byen tou
Li pap renmen'w tankou'm
Lap fin gaspiye'w e lap lage'w san grate tèt tou
Lè konsa pa vini
Kote'm piyay la fout fini
Lè lavi an gen pou pini'w
E pwòp tèt ou ankò ou avili
Mwen'm poze
An paix repoze
Alkòl mw nan tèt mwen map regle koze'm
Kite tèt mwen ale
Map tou bliye'w yon fwa m pare
Map kite alkòl la pale
E map tou kite karma kale'w
Map fè tout sa ke mwen konnen
Pou mwen ka repwan vi mwen an men
Ou mèt kontinye vi ou san mwen
Map jwenn yon lòt kap geri nan'm mwen
M trè sou m pa konn anyen
Ou fè'm kwè m pa vo anyen
G'on jan'w fè'm bliye tètan mwen
Sèl lè'm bwè m bliye'w nan kè an mwen
M trè sou m pa konn anyen
Ou fè'm kwè m pa vo anyen
G'on jan'w fè'm bliye tètan mwen
Sèl lè'm bwè m bliye'w nan kè an mwen
Written by: Goosman Pierre-Noel

Loading...