Lyrics

Solèy la gen dòmi nan je Tout boutik fin fèmen M chita, m pa bouje W ap ban m de ti kout pye Ou p ap tann Fevriye Solèy te gen dòmi nan je Lò nou t ap karese Tout kò m te pran dife Menm rèl nou te mele Nou te fèk kòmanse Yon jou, yon promès, yon foli Demen lapli, rèv toutouni Pran kè w ak de men Fòk ou ka goumen pou mwen Solèy la met dòmi nan je Moun lavi sakaje Choublak te mèt fennen Zetwal met pa limen Ou menm, w a wè demen Solèy la gen dòmi nan je Tout boutik fin fèmen Se lavi k pral tanmen Boujonnen nan vant mwen Tankou yon melodi Yon jou, yon promès, yon foli Yon move tan, rèv toutouni Pran kè w ak demen Fòk ou konn goumen pou mwen Si w tande mwen N a wè lakansyèl tou yon jou Men n a viv lesansyèl Toulèjou lanmou va di "Doulè mwen fini" Lanmou pa nou tankou yon melodi (tankou melodi) Mmmhm-mmmhm! Tankou melodi Tankou melodi Si w tande mwen N a wè lakansyèl tou yon jou Men n a viv lesansyèl Toulèjou lanmou va di "Doulè nou fini" Lanmou pa nou Tankou yon melodi (Tankou melodi) mmmh, yon melodi Tam-mba-mba-mmwe! (tankou melodi) (Tankou melodi) (Tankou melodi) Tankou melodi Tankou melodi Tankou melodi
Writer(s): Emeline Michel Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out