album cover
Konplike
album cover
Konplike was released on May 30, 2026 by 3566258 Records DK as a part of the album EGZÒD
AlbumEGZÒD
May 30, 2026
Label3566258 Records DK
LanguageFrench
BPM80
Melodicness
Acousticness
Valence
Danceability
Energy

Music Video

Music Video

Lyrics

Nou tèlman ansanm lontan
M te kwè n pap janm separe
Lyen nou te tèlman pwisan
Lanmou n te fè moun reve
Men plis m ap grandi
Plis m ap konprann lavi
M rann mwen kont ke nou deux pa p ka mache
Sa m santi pou ou pa p janm chanje
Nan kè m ou ye
M fè sa m kapab pou sa mache
Mwen dezole
Avè w tout plan lavi m anfouye
Avè w se yon lanmou konplike
Chak fwa m vle fe yon pa
U rale m
M pa ka konte konbyen fwa
Ou bòykote m
M tèlman te vle ret nan pye w
Vakabon manke fizye m
Gout dlo sa
Debòde vaz la
Fwa sa
M oblije fon chwa
Menmsi o fon sa ap detwi m
M fè pakèt mwen
Al chèche tout sa w pa t fè pou mwen
Men mwen vle fè w konnen
Sa m santi pou ou pa p janm chanje
Nan kè m ou ye
M fè sa m kapab pou sa mache
Mwen dezole
Avè w tout plan lavi m anfouye
Avè w se yon lanmou konplike
Sa blese m
Men lanmou pa t sifi pou nou
Ou manke m
M pa konn si n ap rekwaze yon jou
Aaaaaaaaah
Moman nou yo m pa p bliye
Aaaaaaaaaah
M vle w sonje
Sa m santi pou ou pa p janm chanje
Nan kè m ou ye
M fè sa m kapab pou sa mache
Mwen dezole
Avè w tout plan lavi m anfouye
Avè w se yon lanmou konplike
Written by: Phrandy Noel
instagramSharePathic_arrow_out􀆄 copy􀐅􀋲

Loading...