album cover
Mete May
album cover
Mete May was released on July 21, 2016 by Enposib as a part of the album Chay
AlbumChay
July 21, 2016
LabelEnposib
BPM85
Melodicness
Acousticness
Valence
Danceability
Energy

Lyrics

Cheri kase bwa nan zòrèy mwen
Fè m santi tout sa n ta fè
Met pawòl chita nan fyèl mwen
Retire lide anmè
Ke fanm kite nan bouch anm
Ki ret kole nan tèt anm
Fò w ta fè mwen repran nanm
Cheri kase bwa nan zòrèy mwen
Fè m santi tout sa m ta renmen
Met pawò ò ò òl sou mwen
Bebi si w gen may pa ezite ban mwen
Gade m nan je di m sa w pa genyen
Mete may mete may
Met pawò ò ò òl sou mwen
Bebi si w gen may pa ezite ban mwen
Gade m nan je di m sa w pa genyen
Mete may mete may
Mwen ta renmen w
Mete w nan plas mwen
Mete w alèz bwè de vè kleren
E bebe e bebe e bebe
Pawòl tafia w va koule sou mwen
Si w ta fè mwen kwè m ka vole
Ma pran elan mwen mayi gate
E bebe e bebe e bebe
Pale pale w manman pale pale ou
Tout sa w ap bay tout tout
Nenpòt ki manti l ta ye tout tout
Cheri w mèt banm kenbe tout tout
Fè m santi m kente
Si w ka fè mwen kwè m ka vole
Ma pran elan mwen mayi gate
E bebe e bebe e bebe
Pale pale w manman
Pale pale ou
Met pawò ò ò òl sou mwen
Bebi si w gen may pa ezite ban mwen
Gade m nan je di m sa w pa genyen
Mete may mete may
Met pawò ò ò òl sou mwen
Bebi si w gen may pa ezite ban mwen
Gade m nan je di m sa w pa genyen
Mete may mete may
Manman koute, ou gen w mòd ou
Kenbe men m m santi w bezwen m
Ou gen on mòd ou karese m
M santi w renmen m
Men may sa ti bwa sa
W ap kase nan zòrèy mwen an
M renmen l a mò
Oouwo ouwo
May sa may sa
M renmen l a mò
Cheri pase mwen nan tenten M pa di sa pa di m anyen
Gen jou chasè tounen jibye gen jou dife boule ponpye
Cheri pase mwen nan tenten M pa di sa pa di m anyen
Lavi a se jou va jou vien, jodya se tou pa mwen
Verse
M ap ouvè kò m kòmsi sa pa fè m anyen
Men bagay sa te kraze kè mwen
Si m te ba nou bon story a, ou tap wè jan kè m te fè zenglen
Li ban m blòf sou blòf, blòf sou blòf, m pat konnen gen moun fò ke mwen
Pou janm bay may nan lari a, pa enkyete nou mwen peye sa
Outro
Cheri pase mwen nan tenten M pa di sa pa di m anyen
Gen jou chasè tounen jibye gen jou dife boule ponpye
Cheri pase mwen nan tenten M pa di sa pa di m anyen
Lavi a se jou va jou vien, jodya se tou pa mwen
Written by: Medjy Toussaint, Nicolas Millet
instagramSharePathic_arrow_out􀆄 copy􀐅􀋲

Loading...