album cover
Tenza
album cover
Tenza was released on September 30, 2005 by Soley Sounds as a part of the album Lakou Trankil
September 30, 2005
LabelSoley Sounds
BPM
Melodicness
Acousticness
Valence
Danceability
Energy

Lyrics

Tenza, sa se pou ou, bebe
Granmoun se granmoun
Ou konn piman pa bon nan bouch
Pa lapenn ou eseye l nan je
M deja gason, kanson m nan ren m
Se nòmal mwen kenbe karaktè m
Kè sere, pye lou, tèt chaje
Mwen santi si m pa pale, m ap toufe
Chagren vle pran m, mennen m ale
Lawont vle fè m debousole
Si m pa pale, m ap toufe
Pouki se se sa w ap mande mwen
Si m pa pale, m ap toufe, non-non-non
Pouki se sa n ap mande mwen
Si m pa pale, m ap toufe
Pouki se sa n ap mande mwen
Si m pa pale, m ap toufe, non-non-non
Pouki se sa n ap mande mwen
M pa t janm panse se konsa sa t ap fini
Pou jan lanmou sa te byen kòmanse
Fanmi m, zanmi m pa t bouke di mwen mèsi
Menm klòch legliz te pare pou sonnen
Lanmou te ka ba w la ke jodi a ou refize
Pou te fè tout sa m vle, mwen di w m pa te ezite
Ba w lanmou san rete, se sa ki fè mwen vibre
Se sa ki fè m rele, fè m chante san rete
Mwen te tèlman kwè nan ou, mwen gen tan ba w yon bebe
Ou vyole konfyans mwen, ou vire do w, w ale, men
Si m pa pale, m ap toufe
Pouki se se sa n ap mande mwen
Si m pa pale, m ap toufe, non-non-non
Pouki se sa n ap mande mwen
Si m pa pale, m ap toufe
Pouki se sa n ap mande mwen
Si m pa pale, m ap toufe, non-non-non
Pouki se sa n ap mande mwen
Ou konn piman pa bon nan bouch
Pa lapenn ou mete l nan je mwen
M deja gason, kanson mwen nan ren m
Se nòmal mwen kenbe karaktè m
Kè sere, pye lou, tèt chaje
Mwen santi si m pa pale, m ap toufe
Chagren vle pran m, mennen mwen ale
Lawont vle fè m debousole
Si m pa pale, m ap toufe
Pouki se se sa n ap mande mwen
Si m pa pale, m ap toufe, non-non-non
Pouki se sa n ap mande mwen
Si m pa pale, m ap toufe
Pouki se sa n ap mande mwen
Si m pa pale, m ap toufe, non-non-non
Pouki se sa n ap mande mwen
Si m pa pale, m ap toufe
Si m pa pale, m ap toufe
Pouki se sa n ap mande mwen
Si m pa pale, m ap toufe
Written by: BélO
instagramSharePathic_arrow_out􀆄 copy􀐅􀋲

Loading...