Lyrics

stella#1 M'ap mande pouki rezon sa M'ap mande pouki rezon sa Nèf mwa gentan pase pitit mwen pwal rive Vle kenbel nan bwa mwen, vlopel ak lanmou mwen Tanpri chita pou mwen mande, di se vre sa'm tande Anpil moun ap rakont, pou kisa y'ap di mwen Pitit sa pa pou mwen, gade men li gade bouch li Pitit sa pa pou mwen, mezanmi pito mwen mouri Pitit sa pa pou mwen, gade men li gade bouch li Rete yeye ooo... M'ap mande pouki rezon sa M'ap mande pouki rezon sa Se ou kite pi bon zanmi'm Konye'a se ou ki enemi'm Nou te grandi tankou frè Poukisa se ou kite dwe trahi'm Men kanta madan'm mwen Ou te mèt kenbe li A cause de nou mwen pa vle viv Mwen pa vle wè ni ou ni li Fin' n habitué, serre'l Kinbe'l nan bra'm le l'ap domi Fin'n habitué, kinbe'l Pale de li ak tout zanmi'm Di'm se pa vre, pou lavi'm pa fini Di'm se pa vre, men pou kisa y'ap di mwen Mete bagay la sou lòk epi jete kle a Paka continue paka continue Pou'm gade'w chak jou Paka continue paka continue Le'm konnen'l pa pou mwen le'm konnen'm nan chagrin Paka continue paka continue Pou'm gade' ou chak jou Paka continue paka continue Men'm si'l pa pou mwen men'm si'l pa pou mwen Li ranpli tout vi'm met bonè nan kèm stella#
Writer(s): Vieux Karl Yves, Cave Christopher Richard Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out