Credits
PERFORMING ARTISTS
T-MICKY
Performer
Christian Guillaume
Piano
David Morinvil
Background Vocals
Sandro Martelly
Lead Vocals
Francky Delamour
Guitar
Fitzreynold Cadet
Bass Guitar
COMPOSITION & LYRICS
Christian Guillaume
Composer
Sandro Martelly
Composer
Badi Kamal Seriphin
Songwriter
PRODUCTION & ENGINEERING
Sandro Martelly
Recording Engineer
Serge Tsai
Mixing Engineer
Lyrics
Se chak jou map rakonte w
Se chak jou mwen eksplike w
Kijan m gen lanmou pou ou Baby
Ki rèv mwen genyen pou nou
Kijan mwen wè avni nou
Pou nou rete ale jiskobou
Pa kite anvi trennen w
Men kite lanmou Mennen w (2X)
Laj ap rantre jou ap pase
Nou ap grandi fò n panse sou avni n
Si n vle demen pou n pa nan plenyen
Pral gen pitit, pral gen fwaye pou n okipe
Se vre nou jèn fò n pwofite
Men pa bliye, se laj k’ap rantre
Fòk nou panse kijan nou vle demen nou ye
Si nou pa vle regrete
Gad jan w fè tèt ou mal
Kite lanmou mennen w
Pa kite anvi trennen w (2X)
Jere demen ou
Panse a desten w
Pa kite moun enfliyanse w
Kite lespri w dirije w
Fòk ou pran tèt ou
Fò w poze san ou
Fòk ou renmen moun ki renmen w
Men ki pap janm lage men w
Written by: Badi Kamal Seriphin, Sandro Martelly

