Şarkı sözleri

Blaze One vètè OGF toutan toutan Anndan peyi m travay plis ke libète Pou yon pèp chomè gon mantal soudevlope viv san moniman Istorik ki fè bèlte ayisyen pa vann patrimwan nou se fyète M anvi wè vrè stati nèg mawon enkoni a M anvi 2 lyon k' te devan palè jistis la M anvi wè kouwòm emperè Faustin Soulouque la M anvi wè lò te nan bato a Santa Maria M anvi ASKO reyouvè n pa achte sik ankò ASYERI ouvè n pa achte fè Ankò abitan latè pa kite andeyò jèn pa fè tèt cho pou fè etid lòt bò Ayiti son bèl grenn fanm sak fè m anvi wè kò l m anvi wè bote l plis Tankou manèt m anvi wè m fòl m anvi wè tijan m anvi wè Tijak m anvi pòl lè m pase lakay pouchi plen manje m anvi wè bòl M anvi wè wè stati Dessalines sispann gade lanmè m anvi wè tout sak Nan lari bouke viv yon vi amè, M anvi wè pa gen plenyen pou lakay monte chodyè m anvi wè peyi m nan Tounnon w bèl flè ki chaje odè m anvi layann sakaje tout kote lanmou Pataje linyon n rete atache pa kache rete gad a je m anvi pi rich pa Chich yo pi gran pa pi trich yo pechè k'al nan lamè m anvi wè n Tounen ak pil fish yo m anvi wè bèlte k' te gen lontan pou lòt peyi n Reyenpòtan m pa vle l depafini m anvi wè l souri ak yon kè kontan m Anvi wè l gran m anvi wè nou soti nan Litani m anvi bisantnè lontan gran ri avèk plas d' Italie m anvi wè sant dakèt kap ankadre ti moun kap jere talan gen Twòp moun pye atè nan pòtoprens m anvi wè chalan m anvi wè gen mwens Iletre nou tout gen leson ka lize m anvi Wè sansibilizasyon pou peyi m desantralize M anvi wè vrè stati nèg mawon enkoni a M anvi 2 lyon k' te devan palè jistis la M anvi wè kouwòm emperè Faustin Soulouque la M anvi wè lò te nan bato a Santa Maria M anvi ASKO reyouvè n pa achte sik ankò ASYERI ouvè n pa achte fè Ankò abitan latè pa kite andeyò jèn pa fè tèt cho pou fè etid lòt bò Pouki chak jou nèg kwense vi a plis pou n anjandre fyasko san moniman Dèfwa fristre lè nap gade plas yo pouki m paka wè tren ap desann nan Dabòn pou malere penpennen retounnen ale travay nan asko pèp la Grangou m anvi wè yon magazen leta manifestasyon kont lavi lamizè ou Di m pa kaze leta paka menm peta chak blokis se traka menm reta ka Likide tout sa ki fè fyète nou ak vwazen d' leta onè respè n vann kou Mango ki sot keyi tout vrè moniman n ekspoze andidan mize lòt peyi sa Vin montre n nou kondane pou n viv nan dilema m anvi lido emperial ak Capitol ret sinema tout peyi tounnnen lakay nou gen twòp tè kap Gaspiye pwodui nou rete natirèl lè lòt yo pran l yap vasiye sak kite Pwovens vin pòtoprens pou pran kontra moto inyore travay latè pou Y'al mouri anba oto m anvi wè lopital jeneral listwa te di k te Jenyal doktè paka touche jodia tout malad jene mal m anvi wè peyi m Fon ti deplase nan stad li ye a pa gen Vòlè kap pran chans di machann ban m tabliye a M anvi wè vrè stati nèg mawon enkoni a M anvi 2 lyon k' te devan palè jistis la M anvi wè kouwòm emperè Faustin Soulouque la M anvi wè lò te nan bato a Santa Maria M anvi asko reyouvè n pa achte sik ankò asyeri ouvè n pa achte fè Ankò abitan latè pa kite andeyò jèn pa fè tèt cho pou fè etid lòt bò
Writer(s): Jiwenrison Guetz Marcena Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out