Şarkı sözleri

Oh-ouh! Menm si m renmen w Oh-ouh-oh-oh! Menm si m renmen w, m p ap ka kite w fè m sa w vle (janmè, janmè) Santiman m, m p ap vin ba w pase anba pye (non, non) M te padone w yon kantite fwa M te ba w tan pou w ka chanje sa Si w pa konprann mwen, m p ap gen 'le choix' Ti respè m nan, m sansib pou sa M ap lage cha, manman! (Lage, lage, lage) M ap lage cha, manman! (Ale, ale, ale) M ap lage cha, manman! (Lage, lage, lage) M ap lage cha, manman! (Ale, ale, ale) Gyal, gyal, ou fè m panse m te genyen 'best wife' Men w chita la w ap plede 'waste time' mwen Ou fè m panse m te valide Pou sa w fè m andire, fò w ta di m genyen 'worst life' Èske se foli, si se foli, di m non Ki fè chak jou m nan pinisyon M santi li raz pou w ap sal non w konsa Devan je tout moun, m te prezante w deja Pa mande m, paske mwen pa konnen (mwen pa konnen) Rezon ki fè lanmou nou pa donnen De je nan tèt mwen klere map tatonnen (m ap tatonnen) Se sa k fè m oblije M ap lage cha, manman! (Lage, lage, lage) M ap lage cha, manman! (Ale, ale, ale) M ap lage cha, manman! (Lage, lage, lage) M ap lage cha, manman! (Ale, ale, ale) Ou fè tout vi w ap banbile Kou kap ki pran van, ou vle file (ou mèt flay) Avè w mwen sanble kondane Pou m viv avèk yon kè brize N goumen tout lasentjounen Ou pa wè n pa fouti ere (non, non, non, non) L ap difisil pou nou de ret ansanm Ou fin ak tout sa k anndan m (tout sa k anndan m) Si w pa bezwen m anko, sensèman Mete m alez, di m sa kareman Cheri, renmen w pa vle di poutan Pou m ret avè w si kè m pa kontan Map lage cha, manman! (Lage, lage, lage) M ap lage cha, manman! (Ale, ale, ale) M ap lage cha, manman! (Lage, lage, lage) Map lage cha, manman! (Ale, ale, ale) Oh, yeah, yeah Pou valè mizè n pase Valè pwoblèm n andire, yeah Kounyeya, nan bouch nou, lanmou kite yon gou anmè Mo lanmou fè kè m kase Pou nou pa gen rekòmanse Kounyeya fòk mwen ale, yeah, yeah! MELO, ex mwen pral sonje m wi Mika, gen ban dèyè wi la (M ap lage) Manman! Lage, wi, fò m lage, yeah, yeah (m ap lage) Manman! lage, ou fè m pase twòp, manman! Twòp, manman! (fò m lage) Manman! Lage (p ap rete) M ap lage cha, manman, manman! (Ouh-ouh!) Lage cha, manman! (Lage, lage)
Writer(s): Crystal Flores, Christong Charlin Bateau Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out