Şarkı sözleri

Absans ou toumante m Je m'ennuie de toi Lè w pran m nan bra w tandreman Kò w atire mwen tankou leman Sa fè depi m avè w M pa ta vle pou nou janm detache Lè w nan lari m ap priye pou ou vini Mwen pa ka tann pou m makonnen avè w, ti cheri mwen Se lè w souri avè m, mwen santi m byen Mwen jwenn nan ou Sa anpil moun pase vi y ap cheche byen lwen Maten, midi, leswa, m vle w toujou la (ye-eh-eh) Oh-ouh-oh, paske Absans ou toumante m Lè w pa la l domine m Je m'ennuie de toi Absans ou toumante m Lè w pa la l domine m J'ai besoin de toi Gen moun ki wè Sa k ap pale yo di m twò tizè Men se konnen yo pa konnen Anpriz lanmou w genyen sou mwen Jan ou chanje vizyon Nan vi mwen ou se gidon G anpil lòt k eseye Men k pa rive rivalize w Chak fwa nou fè l, li nouvo pou mwen Kite m di w, baby, kisa ou vo pou mwen Mwen pa anvi pase menm yon segond San ou pa bò kote mwen Absans ou toumante m Lè w pa la l domine m Je m'ennuie de toi Absans ou toumante m Lè w pa la l domine m J'ai besoin de toi Doudou, m anvi, m anvi Wè w, ah, ah, ah! The Sound Studio Men Konpa Hey, gen de fwa, lè ou renmen Ou ka menm bay sa w pa genyen Menm si l pa g on dola Ou pa deranje, pito l la Si w jwenn chans yon moun renmen ou Ki bliye tèt li pou ou Kenbe l di paske gon lòt k ap tann ou pèdi l pou l anvayi l Baby Ba yo kod lavi a Cheri, m ap vini Kenbe m, pa lage m (kenbe m) Rete bò kote m (kenbe m) Cheri, dòlote m Cheri an mwen, doudou an mwen (kenbe m) Kenbe m, pa lage (kenbe m) Rete bò kote m (kenbe m) Cheri, dòlote m Kenbe m pi fò, bebe Absans ou toumante m (absans ou) Lè w pa la l domine m (li domine m, li domine m) Je m'ennuie de toi Absans ou toumante m (oh, absans ou) Lè w pa la l domine m (oh-oh-oh, baby) J'ai besoin de toi
Writer(s): Henry Robert Junior Raymond Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out