Müzik Videosu
Müzik Videosu
Krediler
PERFORMING ARTISTS
Pawol Tanbou
Performer
Sardau Francisco Lafrance
Percussion
Zama
Background Vocals
Dinel Barthelemy
Keyboards
Maxime Lafaille
Trumpet
Lucolson Alexis
Saxophone
Mato_Music
Chorus
Seeds
Chorus
COMPOSITION & LYRICS
Sardau Francisco Lafrance
Arranger
Dinel Barthelemy
Arranger
PRODUCTION & ENGINEERING
Pawol Tanbou
Producer
Sardau Francisco Lafrance
Producer
Elove Pierre
Mixing Engineer
Şarkı sözleri
Ou pa p konprann
Konprann mwen non doudou hummm
Ban m di w
Lanmou s on kouran ki enstale an paralèl
M santi s on touman lè m leve m wè w pa avè m
S on akò minè k tonbe sou majè
Cisco k ape solo sou yon mezi enkonplè
Ref
Ou pap konprann Kijan w fè m santi mwen
Mwen vle w konprann kijan w fè m santi mwen
Lè w pale fason w gade m fè tout anndanm mwen pran tranble
Lè pale fason w gade m fè tout anndan mwen pran tranble
Tankou Chen k gen bon nen m ap pran fre lanmou w menm si w ta sere l jouk nan ginen
Kè m gen GPS sou ou m ap swiv ou toupatou
Depi m pral kontre w mwen konnen
Wi m tap anvi w konprann prezans ou nan lavi m
Tout sa l fè m aprann
Franchman m anvi w konprann yon nonm tankou w se sa m tap ret tann
Batime te wè a 60 an m vle w konprann menm lè l pran tan
Menm lonbraj ou fè kè m kontan
Malgre pye m long m pap pran tan
Vit vit m ap pran devan
Nan klas lanmou m ap nan premye ban
Wi m tap anvi w konprann prezans ou nan lavi m
Tout sa l fè m aprann
Franchman m ta vle w konprann yon fanm tankou w se sa m tap ret tann
Ou pap konprann Kijan w fè m santi mwen
Mwen vle w konprann kijan w fè m santi mwen
Lè w pale fason w gade m fè tout anndanm mwen pran tranble
Lè pale fason w gade m fè tout anndan mwen pran vibre
Konprann konprann mwen
Ti doudou doudou
Konprann konprann mwen
Ou p ap konprann non w p ap janm konprann mwen
M ta vle w konprann wi m ta vle w konprann mwen
Konprann mwen ti doudou ti doudou doudou
Konprann mwen ti doudou ti doudou doudou
Konprann konprann mwen
Konprann mwen
Written by: Sardau Francisco Lafrance