Şarkı sözleri

Premye fwa nou kontre Yon fet t'ape frape Rega nou te kwaze Komsi lanmou te vinn an nou Tankou yon kout loraj Nou pat aji an saj Nou te kite'n ale Pa zak ke yo rele lanmou Mwen te pati pou yon peyi Kote mwen te gen lavi di Mwen te pati cheri Se pa te pou lavi Mwen te gen pou'm tounen Pou'n kontinye renmen Lavi'm te san nouvèl Menm pa yon kat Nowèl Ki t'a ka fèm konen Ke ou gen yon pitit pou mwen Piti nou a se san'n Mwen pa te janm konprann Ke se te fòt paran'n Ki deside elwanye mwen Mwen te pati pou yon jounen Se kounye an ke mwen tounen Mwen te pati cheri Se pa te pou lavi Nou t'a rekòmanse Si'w poko ranplase'm Si'm te konnen toujou dèyè S'on ti plezi ki mennen akrochay Prekosyon pa kapon Sonje ou rekolte sa ou seme Ou pa wè jan'l sanble'm Ou pa ka refize'm Ke li rele'm papa Pou'm pa regrèt pi ta Fò w pa bliye lanmoun Ki te vinn soude nou Se pa malantandi Ki pou fè nou soufri Fò w kale je'w gade'm Pou'w pa di'm ke'w pat wè Dlo kap koule nan je'm Epi san kote kè'm Fòk nou sispann goumen Cheri an'n retounen Vini ke mwen pran men'w Pou jodi kou demen Si'm te konnen toujou dèyè S'on ti plezi ki mennen akrochay Prekosyon pa kapon Sonje ou rekolte sa ou seme Mwen te pati pou yon jounen Se kounye a ke mwen tounen Mwen te pati cheri Se pa te pou lavi Nou t'a rekòmanse Si'w poko ranplase'm Ou wo, wo ho...
Writer(s): Ralphe Conde Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out