Şarkı sözleri

Li frape w, ou pa pale Ou di w kase, ou pa ale Ou mare Mwen santi kè w ap rache Ou konnen sa p ap mache Ou mele Hou-ouh-ouh, ouh, Djannie Mmmh-mmmh, mmmh Dezole Pa gad dèyè, pa pran priyè Bay kou bliye, pot mak sonje Fò w chape Lanmou pa malè, pa mizè Lanmou se lonè, se respè Louvri je w (Ale) Wi, se lavi w ap sove (ale) E se lanmou w ap twouve (ale) Wi, se lavi ou w ap sove (ale) Konsa lanmou w a twouve (hou-ouh, Djannie, hou-ouh, Djannie) Di babay, ale (Hou-ouh, Djannie, hou-ouh, Djannie) Di babay, ale (Hou-ouh, Djannie, hou-ouh, Djannie) Di baybay, ale (hou-ouh, Djannie, hou-ouh, Djannie) Di babay, ale Sonje nou pase la deja Yon fwa, de fwa pa dènye fwa Pa twonpe w On moun ka frape w, ka blese w Aprè, mennen flè, karese w Pare men w Nou tout vle yon zepòl, de bra pou sere n Men nou pa vle de men ki ka touye n (Ale) Wi, se lavi w ap sove (ale) Konsa, lanmou w a twouve (ale) Se lavi ou w ap sove (ale) Oh, Djannie, oh, Djannie (hou-ouh, Djannie, hou-ouh, Djannie) Di baybay, di bagay, pou-pa-pa-pa, pou-pou-dou-dou pa-da-dey Tou-dou-dou, pap-pa-da-da, pip-pa-da (hou-ouh, Djannie, hou-ouh, Djannie) Hou-pa-pa, pou-dou-dou-pi, pi-pi Fò w ale, Djannie (hou-ouh, Djannie, hou-ouh, Djannie) fò w ale, Djannie Mwen di w paske m pase la deja Kwè mwen, m pa pale met la Fò w ale, Djannie (hou-ouh, Djannie, hou-ouh, Djannie) fò w ale, Djannie Oh, Djannie, Djannie, Djannie, fò w ale (Ale) Se lavi w ap sove (ale Wi, lanmou w ap twouve (ale) Ale Djannie, ale, ale, ale, ale, ale (ale) Ale, Djannie, ale Djannie (hou-onuh, Djannie, hou-ouh, Djannie) Djannie, mmmh-mmmh (Hou-ouh, Djannie, hou-ouh, Djannie)
Writer(s): Emeline Michel Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out