音乐视频

音乐视频

制作

出演艺人
Rayy Raymond
Rayy Raymond
表演者
作曲和作词
Henry Robert Junior Raymond
Henry Robert Junior Raymond
词曲作者
Jimmy Olivier
Jimmy Olivier
词曲作者

歌词

Lanmou espirityèl
Li soti kay Bondye
Malgre tout sa nou fè,
Li toujou padone
M ap kontinye renmen malgre kout ba (malgre l konn gen gou anmè)
M ap bay lanmou lanmen jouk sa kaba (jouk sa kaba, tonè! Hey)
M deja gen gòm ak chifon
Pou m efase tou vye pase
E m pre pou ti sa ki pot kè byen presye
Pou mwen pwoteje l ak lanmou
Mwen pare pou m renmen, malgre l pote soufrans
Mwen pare pou m soufri, aprè soufrans se delivrans
Mwen pare pou m renmen, malgre l pote soufrans
Mwen pare pou m soufri, aprè soufrans se delivrans (ye!)
M p ap di m te pèdi tan m
Nan chèche pasi pala
Ann di s'on eksperyans (eksperyans)
Ki montre ke bon yo ra
Si w vle jwenn yon moun ki la lè lapli
Ki la lè sechrès, wi toujou la!
Fò w pa pè louvri kè ou bay lanmou
Menm si m te twonpe youn ou de fwa
Mwen ka di mwen fyè de kè anpil fwa ki pran kou
Yo bouke kraze l, yo matirize l, men l ap mache toujou
Mwen pare pou m renmen, malgre l pote soufrans (Mwen pare)
Mwen pare pou m soufri, aprè soufrans se delivrans (Mwen pare)
Mwen pare pou m renmen malgre l pote soufrans
Mwen pare pou m soufri, aprè soufrans se delivrans (ye!)
Cheri, m pare!
Di m si se kè m ou vle
Men l nan men m, m ap lage, lage, lage l devan w lan
Men Konpa!
Men entertainment
Moun yo pare wi la!
Dlo nan je m konn neye kè m
M konn sèmante m p ap renmen ankò
M renmen pi rèd!
M renmen pi rèd (manman!)
Fè gwo diskisyon ak fanmi, zanmi m
M konn menm parye m p ap renmen ankò
M renmen pi rèd!
M renmen pi rèd (manman!)
Alo, Jimmy!
Ti bagèt la k anba
Dlo nan je m konn neye kè m
M konn sèmante m p ap renmen ankò
M renmen pi rèd!
M renmen pi rèd (manman!)
Fè gwo diskisyon ak fanmi, zanmi m
M konn menm parye m p ap renmen ankò
M renmen pi rèd!
M renmen pi rèd (manman!)
Mwen pare pou m renmen
Malgre l pote soufrans
Wi, mwen pare
Written by: Henry Robert Junior Raymond, Jimmy Olivier
instagramSharePathic_arrow_out

Loading...