歌词
Tout sa k nan mwen se pou ou bebe
Stasyon m kase sou pòs lanmou w bebe
Bote w ak tout sa w reprezante
Se sak fè m akwoche avè w m vin adikte
Lannuit kou jou map tann ou rele m
Priye bondje pou w ta padone m
Pasyon w ak tout sa w reprezante
Se sak fè m akwoche m pa vle kite w ale
Cherie ret avè m
Pa kite let anm kaye
Si w pati w kite m
Òlòj lavi m ap varye
Tankou ti pwason kap debat lè w fin peche l
Se sèl dlo m konnen, w lage m san rezon pou m respire!
Tanpri reban m kèw m pwomèt mwen pap kite
Tantasyon lavi janm baw rezon pou doute
JPa kopte egri kap pale yo pa konn sa n pase
Ou konn se nou l ye bebe
Se nou l ye
Pou ou m ye bb
Pou ou m ye
Li pa lòt ke nou de
Se nou l ye
1 + 1 bebe
Se nou l ye
Cheri aprè ou pa gen lòt
Se vre m te ami an nèg sòt
Mwen pat konnen sa men te gen nan men m
Kou nya ou pa la nan vi m se kòmsi m pèdi on fèy
M mache monte desan nan tout chimen
Jete dlo mete ajenou priye lè sen
Mande Ayizan pou l ta mete n sou menm chimen
Tanpri m mande w tounen
(Ou se)
Loraj gwonde nan kè mwen
Lanp monte nan po krab meen
Zetwal k ap klere chimen nan syèl nwa mwen
Akasan ak siwo mwen
Kap Kohle nan gagann mwen
Absans ou fè mwen mal tout sa m mande se padone men
(San ou)
M tankou on sikwi k ap mache ak on fizib sote
Yon machin yap mouse malgré Kat kawotchou l kreve
Ann mete ego nou de kote
Kite lanmou pale se ou mwen vle
Ou konn se nou l ye bebe
Se nou l ye
Pou ou m ye bb
Pou ou m ye
Li pa lòt ke nou de
Se nou l ye
1 + 1 bebe
Se nou l ye
Oye mami, siempre dicen que tienes que perderlo todo pake sepas que bien lo tenia antes
Fuiste mia y te perdi
En mi obsession nunca me di cuenta que estaba dañando la misma cosa que me prometí cuidar
Pero empress, dame otra chance
No fuimos!
Ou konn se nou l ye bebe
Se nou l ye
Pou ou m ye bb
Pou ou m ye
Li pa lòt ke nou de
Se nou l ye
1 + 1 bebe
Se nou l ye
Akoustik yon lòt fwa w tande
For them gyals once again ya’ know
Akoustik yon lòt fwa w tande
De Ayiti a Rès monn lan!
Written by: Elder Joseph


