制作

出演艺人
Zafem
Zafem
表演者
Mozart Louis
Mozart Louis
钢琴
作曲和作词
Evrard Duhamel
Evrard Duhamel
作曲
Dener Ceide
Dener Ceide
词曲作者
制作和工程
Dener Ceide
Dener Ceide
制作人

歌词

Savalou
Oui, mes chers citoyens
Sa k ap pran
Ak sa k p ap di anyen
Madoulè a la nan tout rak kwen
Ou ka vle inyore l, kanpe lwen l
Li fin ta, n ap di l bonè
Sèl okazyon nou, se misyon pou lapè
Nan Gran Ravin, Tibwa, geto yo toujou g on men (k ap manipile)
Nèg ki lekòl k ap kenbe galil nan men l (san l pa achte)
Nan bidonvil, ayisyen ap viv an egzil (nan pwòp peyi l)
Otorite, ou pa ka pran pwòp pèp ou kòm lènmi w (ou la pou sèvi l)
Ayisyen (woyoyoy)
Nou gen moun ki te batay (ewo nou yo pa t travay pou sa)
Pou n pa t konsa, jan n ye la (mmh-mmh)
(Ewo nou yo pa travay pou sa)
Oh-oh, oh-oh (ou pa wè, ou pa wè)
(W ap fè kòmsi w pa wè)
E w konte kòb chak jou (ou wè, ou wè, ou wè, ou wè, ou wè)
(Pase Stevie Wonder)
Lajistis toujou pi prese
Pou trase egzanp sou malere
Men mèt afè a ap byen sikile
Se yo k pi gwo privilejye
Yo fin pran epi y ale
San yo pa negosye
Peyi sila ap viv kou òfelen
Nan mitan yon bann gwo je
Eha, eha (ou pa wè, ou pa wè)
Ouh-ouh (w ap fè kòmsi w pa wè)
(Ou wè, ou wè, ou wè, ou wè, ou wè)
(Pase Stevie wonder)
El Maestro, pale
Sa fè kèk tan la a, n okipe
Men sanble sa pa deranje
Frè nou yo k nan gouvernement
Sa k nan gran pozisyon
Pi fò vle pran epi y ale
San yo pa negosye
Peyi sila ka viv kou òfelen
Nan mitan yon bann gwo je
La-la-la
Dener Ceide ki la
(Wo-oh-oh)
(Wo-oh-oh)
Sispann jwe ak peyi a
Jwe ak peyi a
Sa nou wè yo bay dlo nan je
Sispann jwe ak peyi a
Oh, jwe ak peyi a
Lavi moun se bagay serye
Wi, m ap di, "Unissons-nous"
Pandan m konnen, pami nou
Gen sa k p ap janm dakò
Yo ta prefere lanmò
Men li ta bèl si kèk nan nou
Va chwazi defann peyi nou
Pran richès nou ak fòs nou
Pou n sove lonè n
Ki lè rat kay, va sispann manje pay kay? (Sispann jwe ak peyi a)
Jwe ak peyi a
Sa nou wè yo bay dlo nan je
Sispann jwe ak peyi a
Oh, jwe ak peyi a (hello Gwakanagarik)
Lavi moun se bagay serye
Mwen bouke di, "Unissons-nous"
Paske m konnen, pami nou
Gen sa k p ap janm dakò
Yo ta prefere lanmò
Men li va bèl, lè kèk nan nou
Va chwazi met granmoun sou nou
Pran richès nou ak fòs nou
Pou n sove lonè n
Men ki lè rat kay va sispann manje pay kay?
Zafèm lage
N al chache
Woy!
La vie en voyage
Men penitans gen jou l
M pa ka kont pèsonn, oh
Paske nou tout se frè
Men verite pa zanmi moun ki annafè
Si w wè m an kòlè
Se lè m wè fanmi m yo
Jan n ap jwe ak lavi yo
M pa ka kont pèsonn, oh
Paske nou tout se frè
Verite pa zanmi moun ki annafè (mmh)
(Si w ta kab remake m an kòlè) si w wè m an kòlè
Se lè m gad fanmi m yo (oh-oh, oh-oh)
M wè jan y ap manipile yo
Nou g on misyon
Written by: Dener Ceide, Evrard Duhamel
instagramSharePathic_arrow_out

Loading...