音乐视频

音乐视频

制作

出演艺人
BélO
BélO
表演者
作曲和作词
BélO
BélO
作曲
Jean Belony Murat
Jean Belony Murat
词曲作者

歌词

M’DESIDE
Se tout tan sa rive
Yon bagay fèn fache
Men si nou te pale sa te ka pa rive
Jodia m’deside
Ke sa pap kontinye
Avan sole kouche cheri fòk nou pale
Se tout tan sa rive
De moun damou fache
Men saa pa dwe dire
Tout swit fòk nou pale
Nou gen yon tan’k pa menm ase
Pou nou fè sa nou reve
Si nou kite’l fin pase
Se nou kap regrete
Cheri … pouki wap meprize’m
Cheri … ou pa vle’m bò kote’w
Cheri … pouki’w abandone’m
Cheri … ou pa vle’m vi’n pi prè’w
Mwen rekonèt mwen fè sak pa bon
Men wi cheri ou tap gen rezon
Si ou ta pran nenpòt desizyon
Se pou tèt sa map mande’w padon
An verite sa pat dwe janm rive
Pou nou fache epi nou pa pale
Ou gen lè bliye si se modèl nou ye
Avan sole kouche fò’n pale
Yala la … chou bidou bidou… yala la
Yala la … chou bidou bidou… yala la
chou bidou bidou bidou bidou bidou bidou bidou
Se tout tan sa rive
De moun damou fache
Men saa pa dwe dire
Tou swit fòk nou pale
Nou gen yon tan’k pa menm ase
Se a prand ou a lese
Si nou kite’l fin pase
Se nou kap regrete
Cheri … pouki wap meprize’m
Cheri … ou pa vle’m bò kote’w
Cheri … pouki’w abandone’m
Cheri … ou pa vle’m vi’n pi pre’w
Written by: Jean Belony Murat
instagramSharePathic_arrow_out

Loading...