歌词
Lè apse pa nan bouda n nou toujou ap rele peze
Ou jenerasyon se nan malè moun nou pran plis plezi
True story
M pa di sa pou fè pwezi
Lè nap lonje men bay on lòt
Se bouton filme a n peze
Sak miyò ap desann on lòt
Jis pou l parèt pi gran
Dan pouri pull-up sou bannann mi pou l parèt pi dan
On sosyete pouri
Nap fè style sou sak pi pouri
Nou tout n'on sèl bokit wap fè konesè pouw parèt pridan
Depi kèk tan nap mande kote MechansT
Fraz sa nan bouch tout moun nan bouch menm sak gen mechanste
Ti jèn nan pran fòm sosyete a
Nou di l raz m
Nou pa ofri l anyen
Epi nap egzije l pou l di foulay
Yowww
Lè w nan malè
Tout moun di m te wè da pou ou
Assez souvent nou toujou te wè sa pou mwen
HMI gagè
Se chak moun chape poul ou
Si chalè djòl te ka touye m
Se sèl Jehova k' tap temwen
Toby pa sou anyen
Toby pap mennen
Toby pa fè views, Toby pa fè buzz, Toby pa anyen
Toby pat jwe nan SumFest
Ni Haitian Compas Festival m
Toby pa jwe pou 100K
Yow fò msye ta fon ti vag
Si l te a Vanessa
Lè konsa yo tap deux ti rich kap trip
Poutan lè m t'a Vanessa n te konn di se deux chini kap trip
Pouki l pat sove lè l te jwenn viza, sa l te fin f'Ayiti
Kou m pa Ayiti yap chwi chwi
Genlè nan Biden I pati
Yowww
Toby pa gen vibe
Toby pral travay
Mizik isi pa bay se sèl atis pa m nan k' gen bagay
Toby pa fè Million nan 1h d'temps, atis grapyay
Pouki l pa tapote pito
M tande best atis kapwa
Eh krèk
Sa se kè kòmantè lè yo tagg mwen pafwa m block
Depresyon an reyèl gen neg ki konn vle manyen Glock
Epa tout moun moral yo ka jere sanfwa
M di nou sa mil fwa si chalè djòl te ka touye m Nou tap fon bòt
Jamais dans la tendance mais toujours dans la bonne direction
Se foli m yo k' gide m moun paka rele m nan direksyon
Si m bon l'a bon pou mwen m
Si m pa bon tou se bon pou mwen
Silans mwen reponn anpil kesyon k' te ka leve on gwo goumen
Sa fè kè k jou kèk mwa
Anndan m gonna trou vid
Souvan m pèdi sanfwa
Map chèche m m paka trouve m
Yap chèche w yo paka trouve w
Men pèsonn paka diw pap viv bro
Jan m santi m nan moun kap konprann mwen se sèl sak tap viv pre w
On dènye grenn motherfucker
Avè l m fè tout vibe
Ni youn ni lòt konn lòt pa kè
Latè konnen konnen pouvwa n
Deux rapè ki zanmi
Men nou viv plis ke n rap
Si nou tap rape tout sa n viv
Anpil nèg isi tap veye n pou bat
Yow kotew ye a bro
Ke limyè anvayi w
Menmlè n' pa janm fin antann men w konnen m pi renmen w ke m rayi w
MechansT map tann pou n fini sa n te kòmanse
Si ta gen pou rekòmanse bro nap rekòmanse
Written by: Owen Martinez Fava