类似歌曲
制作
出演艺人
Alan Cavé
表演者
作曲和作词
Alan Cavé
词曲作者
歌词
Chak fwa mwen wèw
Se tout rèv mwen te fè k'ap defile devanm san rete
Sanlè depale
Chak fwa mwen wè w
Se tout chimen memwa m ki remonte nan je m k'on dlo ble
Syèl la chavire
Oh oh oh oh oh
Chak fwa mwen wè w
Tout zetwal ki nan kè m
Fòme yon boukan pou ou
Yo rele l lanmou (rele l lanmou rele l lanmou)
Chak fwa mwen wè w
Tout venn ki nan kòm
Tounen yon rivyè wouj
Tanpri pa kite m (pa kite m pa kite m)
Syè'l la chavire
OOOO
Ooooo
Minwi bare m pou kòm asye a sou pòtay
Banm yon ti kout kleren pou m neye chagren (chagren)
Malgre tout sak pase mwen pap janm ka bliye w
Se ou sèl mwen renmen ou menm sèl fanm dous mwen
Malgre tout sa k pase doudou
Pa p sa bliye w, se ou sèl mwen renmen
Sèl fanm dous mwen
Malgre tout sa k pase doudou
Pa p sa bliye w se ou sèl mwen remen
Sèl fanm dous mwen
Lè swa lè m pral dòmi
Mwen met non ou anba zorye m
Tout rèv mwen anvi fè yo tout sanble avè w
Lè maten lè m leve cheri
Avan menm mwen bwè kafe
Se non w ki rechofe m
Ou peple tout panse m
Malgre tout sa k pase
Malgre tout sa k pase doudou
Pa p sa bliye w, se ou sèl mwen renmen
Sèl fanm dous mwen
Malgre tout sa k pase doudou
Pa p sa bliye w se ou sèl mwen remen
Sèl fanm dous mwen
Gad jan'm stuck stuck stuck on you baby
Malgre tout sa k pase doudou
Pap sa bliye w se ou sèl mwen renmen
Sèl fanm dous mwen
Malgre tout sa k pase doudou
Pa p sa bliye w se ou sèl mwen remen
Sèl fanm dous mwen
Malgre mizè m pase – pap sa bliye'w
Dlo anvayi tout je m doudou
Yo mèt di'w ranplase'm poum bliye'w
Map monte maswife cherie
Malgre tout sak pase doudou
Pap sa bliye w se ou sèl mwen renmen
Sèl fanm dous mwen
Malgre tout sa k pase doudou
Pa p sa bliye w se ou sèl mwen remen
Sèl fanm dous mwen
Writer(s): Georges Alan Cave, Ernst Cave
Lyrics powered by www.musixmatch.com