歌词

Gen sa ki sèmante devan Bondye Yo p ap viv lòt kote Gen sa k di kote lonbrit yo mare Se la y ap fè vye zo Se la y ap rete Gen se van lamizè k pouse do yo Yo tonbe lòt bò dlo Men gen sa k byen ki pa janm manke anyen mezanmi Kidnapè, chimè fè yo pè, yo kouri Gen sa k di se pitit Kapwa yo ye Yo se brav e danje Gen sa k kraponnen k ta renmen chape Sa k san viza vwayaje nan bwafouye Gen sa k deside tout bon pran lari Yo pa pè mal fini Ooh-ooh Poutan chaje lidè nan salon k ap reflechi Pa gen peyi, si nou pa kanpe pou li Chak grenn Ayisyen S on poto mitan k ap soutni tonèl devlopman Li konn Ayiti paka fè anyen Se Ayisyen ki pou met men nan men Ak sa k ap viv byen lwen pou bati Ayiti Peyi nou se Ayiti (Ayiti) Se nou ki pou fè pou li (pou fè pou li) Mezanmi, ann reyini (ann reyini) Pou nou ka ba li lavi (ba li lavi) Peyi nou se Ayiti (Ayiti) Se nou ki pou fè pou li (pou fè pou li) Mezanmi ann reyini Pou nou ka ba li lavi Sa n ap tann pou n met tèt ansanm? Di m kisa n ap tann? Pa rete tan pou n chita tann Mezanmi, mwen di Peyi nou se Ayiti (Ayiti) Se nou ki pou fè pou li (pou fè pou li) Mezanmi, ann reyini (reyini) Pou nou ka ba li lavi Peyi nou se Ayiti (Ayiti) Se nou ki pou fè pou li (pou fè pou li) Mezanmi, ann reyini Pou nou ka ba li lavi (ba li lavi)
Writer(s): Beethova Obas, Michael Celestin, Robert Raymond Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out