制作

出演艺人
Emeline Michel
Emeline Michel
表演者
作曲和作词
Emeline Michel
Emeline Michel
词曲作者
Fabrice Rouzier
Fabrice Rouzier
作曲
制作和工程
GIROBOAM RAPHAEL
GIROBOAM RAPHAEL
制作人

歌词

Pèsonn pa vle kwè se vre
Fwa sa m damou tou bon vre
Mwen t ap jwe lago kache
Kache pa vle di kase
Pèsonn pa kwè, men se vre
Kounye a, m damou tout bon vre
Nou tou pre, je nan je, kè m kase
M konn kisa k pral pase
Mwen jwenn yon zanmi
Dous tank on mango mi
Lannuit nou pou n jemi
M pa sa dòmi
Nou met joure, n met kraze, n met brize
Lè kòk ap chante, nou fèk kare ap danse
Lanmou se flanm ki klere devan m
Lanmou se kan m, se sa m vle defann
Lanmou se zam ki fè m santi m fanm
Lanmou se san m
Chak fwa tankou premye fwa
Chak fwa tankou denyè fwa
Lanmou nou se tout pou tout
Nou pa ka mize nan wout
Kò nou mare, swè koule, n depale
Kòk ap chante, nou fenk kare ap danse
Lanmou se flanm ki klere devan m
Lanmou se kan m, se sa m vle defann
Lanmou se zam ki fè m santi m fanm
Lanmou se san m
Wi, lanmou se flanm (ki klere devan m)
Wi, lanmou se zam (ki fè m santim fanm)
Wi, lanmou se pa m (wi, lanmou se san m)
Wi, mwen jwenn yon nonm (nou vle ret ansanm)
Wi, lanmou (wi lanmou)
Pèsonn pa vle kwè se vre
Kounye a, m damou tou bon vre
Nou tou pre, je nan je, kè m kase
M konn kisa k pral pase
Kò nou mare, swè koule, n depale
Kòk ap chante, nou fenk kare ap danse
Lanmou se flanm ki klere devan m
Lanmou se kan m, se sa m vle defann
Lanmou se zam ki fè m santi m fanm
Lanmou se san m
Ah-ah-ah!
Wi, lanmou se pa m (wi, lanmou se san m)
Wi, mwen jwenn yon nonm (nou vle ret ansanm)
Wi, lanmou (wi lanmou)
Wi, lanmou se flanm (wi lanmou, oh, oh-oh-oh)
Wi, lanmou se zam (oh-oh, oh-oh-oh)
Wi, lanmou se pa m (wi, lanmou, wi, lanmou)
Wi, mwen jwenn yon nonm (mda-mba-mbe)
Wi, lanmou (mda-mba-mbe)
Eh-eh, oh-oh-oh-oh
I-ye-eh-eh-eh-eh
Wi, lanmou se flanm (ki klere devan m)
Wi, lanmou se zam (wi lanmou se zam)
Wi, lanmou se pa m (wi, lanmou se pa m)
Wi, mwen jwenn...
Written by: Emeline Michel, Fabrice Rouzier
instagramSharePathic_arrow_out

Loading...