音樂影片

積分

作曲和作词
olkinsB3
olkinsB3
词曲作者

歌詞

Anh I ehh I ehh Anh Anh Anh ehh Lap viv on vi ki pa nòmal Tout sa l afwonte se sak sal Li fè tout efò wi tout efò Pou l retire tèt li men lamizè pi fò Li gen pitit li ki mouri Anba dekonb Malgre l fè tout apèl yo pa reponn Kote l souti a souvan pa gen ond Souvan pa gen ond Move lavi kap sakaje l anh Li ka lave rad ak dlo nan je l Li pa janm wè bonè chak jou l leve bonè Li mache chèche li pa janm twouve Chak jou li plante pa janm rekòlte Lavi pa ofri l anyen menm menm menm Li pa janm wè bonè chak jou l leve bonè Li mache chèche li pa janm twouve chak jou li plante pa janm rekòlte Lavi pa ofri l anyen menm menm menm Nap raple popilasyon an tranbleman de tè a pase a sèt pwen zewo Depatman sud touche anpil e nap di tout moun rete vijilan rete a labri Paske gon tanpèt grâce ki dèyè Anh weh ehh Anh Pa bliye ke li pa gen kay Kounya lap domi anba pay Solèy boule l la pli mouye l li rele Genlè son soufrans ki pap janm fini pou li Son soufrans ki fèl menm anvi mouri Li gen pitit li ki mouri anba dekonb Malgre l fè tout apèl yo pa reponn Kote l soti a souvan pa gen ond Souvan pa gen ond Li pa janm wè bonè chak jou l leve bonè Li mache chèche li pa janm twouve Chak jou li plante pa janm rekòlte Lavi pa ofri l anyen menm menm menm Li pa janm wè bonè chak jou l leve bonè Li mache chèche li pa janm twouve chak jou li plante pa janm rekòlte Lavi pa ofri l anyen menm menm menm
Writer(s): Olkins Saintelus Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out