歌詞
M santi m tris le m ap gade peyi kap depafini
M santi m tris le m ap gade rev jen yo pa jam abouti
M te jwen yon ti kras tou piti nan ti peyi sa a
M t jwi yon ti kras tou piti nan bel peyi sa a
Men kounya m pa jwenn anyen anyen anyen
Men kounya m pa jwenn anyen anyen anyen
M santi m tris le m ap gade lekol paka fonksyone
M santi m tris le m ap gade moun malad paka opere
M santi m tris le m we nou fe sa k negatif yo
M santi m tris nou pa jam fe saw pozitif yo
Paske kounya m pa jwenn anyen anyen anyen
Kounya m pa jwenn anyen anyen anyen
M santi m tris le m ap gade
Peyi a kraze peyi a kraze bezwen gen linet aveg pou we sa pou we sa a
Peyi a kraze peyi a kraze pa bezwen ten linet veg pou we sa pou we sa
M santi m tris le m ap gade vale are n ak se n ki ale
M santi m tris le m ap gade polisye yo kap mal touche
M santi m tris pou tout ti mounki paka manje
M santi m tris pou tout fans ki ak Dlo nan je
M tris pou chak anlevman k fet
M tris le m we gen plis blofe
N ap detwi fre n pou lajan vet chak jou peyi n gen plis chome
Sonje manman m te di m peyi a the bon peyi a the bon
M sonje papa m te dim peyi a te bon peyi a te bon
Men kounya m pa jwenn anyen anyen anyen
Men kounya m pa jwenn anyen anyen anyen
Peyi a kraze peyi a kraze
M santi m tris le m ap gade tout Sa k set otorite yo pa pale
M santi m tris pou chak ane kap pase peyi mwen vin plis an danje.
M tris pou ou m tris pou nou m tris pou yo
M telman tris nan eta nou ye a pa gen mo
Nou kraze lavi nou nou kraze avni pitit nou
Kounya m pa jwenn anyen anyen anyen nou pa kite anyen
Writer(s): Saintelus Olkins
Lyrics powered by www.musixmatch.com