積分
演出藝人
Jbeatz
演出者
詞曲
JEAN PLUVIOSE
詞曲創作
歌詞
Si mwen ta leve pòv yon jou mwen sou jenoum, èske wap ret avèm toujou ou lage sou wout si nan aksidan tout kòm krase oubyen tout figim boule èske wap rete bò kotem ou abandonem.
Si yon jij kondanem pran dizan nan lavim èske wap gen kè pou soufri ret fidèl pou lèm sòti e si sa rive mwen vin enfim pou lavi èske lanmoun ap sifi èske lanmoun ap siviv pou lavi vi vi vi........ pou lavi vi vi vi vi.
Si relasyon nou vin konplike lèzòm ap kritike n èske wap kanpe bò kotem oubyen wap kitem si yon vye maladi tonbe mwen pa ka pale èskew pap janmen fatige lè wap okipem.
Sim ta leve mpa ka fè way mpa gen fòs menm poum leve yon pay èske wap rete pou edem pote chay. Ret avèm pou vin seche dlo nan jem lè map kriye sim ta leve mpa ka fè yon nay chak lèm choute cheri m'fè flay èskew pap kite al chache yon lòt guy ou lage mwen 2 bwa balanse.
Èske wap still anvi wèm menm apre 100 tan èske wap ret tann siksèm menm si li pran tan nou poko ka marye nou poko ka gen bebe èske wap bò kote mwen cheri si li pranm tan.
Avèw mpa kole, mpa kole, mpa kole. Nenpòt sak ta rivem se vre ou ka metem sou kote nou ta ret avèm janl ye a tou lanmou nou tou loreya.
Written by: JEAN PLUVIOSE