積分
演出藝人
Zoé Mouvement
演出者
Jonathan Valentin
演出者
詞曲
Jonathan Valentin
詞曲創作
歌詞
1
Mwen vle rakonte toupatou
Kòman Jezi renmen mwen;
Sou latè li vini yon jou
Pou li bay vi li pou mwen.
Kè
Se yon bèl istwa m ap rakonte,
Jezikri mouri pou mwen.
Annou chante, annou adore
Yon Wa ki si renmen mwen!
2
Mwen te pèdi, li sove mwen,
Li te wè jan m t ap soufri;
Ak bra li, li antoure mwen,
Li pran mwen sou zepòl li.
3
A! Byen souvan mwen akable,
Lavi a bat kouraj mwen;
Men mwen pa pè, Jezi tou pre
Pou rekonfòte nanm mwen.
4
Toujou Jezi se Sovè mwen,
E kan lè a va rive
Pou m ale wè Redanmtè mwen,
Se avèk jwa mwen prale
Written by: Jonathan Valentin

