Lyrics

*Yon ti lèt a bòbòt* I Bòbòt avan'm kòmanse m'ap bò'w tout respè'w merite M konnen s'anndan'w m te pase e m'ap pale kòm eritye Bòbòt m konnen'w pa kreten depi lontan w'ap fè kriye Ou just poze'w kwè egare wa'p gad nèg sòt kap detire Bòbòt m konnen'w enpòtan konsa tou'w konnen'w mechan Ou parèt yon kote'w ouvè kò'w epi'w pran nan met san Bòbòt ou gate zanmi bòbòt ou mete malèz Bòbòt banm yon vérité tanpri bòbòt mete'm alèz Bif nan rap Kreyol la m konnen se pou ou M just ekri'w tilèt sa just poum mande'w sekou ou Depi lontan'w popilè m wè yo rele'w pati kache Pou mwen'w s'on katalizè m pito rele'w pati gache Kòmsi s'on mango y'ap goumen pou tòtòt Nèg pa goumen pou lajan goumen pou bòbòt Ou rete w'ap di sèlman kout manchèt nan dlo pa gen Mak juska prezan neg pa konprann poukisa'w fèt a 2 bò pòt Gen nèg ki nan prizon juska presan pou bòbòt Gen nèg ki nan mawon pa ka mache pou bòbòt Gen nèg ki lopital paralyze pou bòbòt Gen nèg ki fè gwo krim Li regrete pou bòbòt Gen nèg ki nye fanmi'l ki bat manman'l pou bòbòt Gen nèg ki te dousman ki vin mechan pou bòbòt Gen nèg ki pasyone ki suiside'l pou bòbòt Gen nèg ki pa konn Frè k'ap fè fizye'w pou bòbòt II Bòbòt ou kraze wayom bòbòt ou kraze fwaye Si'w lèse'w viktim bòbòt demen'w ka menm kwaze'w fware 2 wayom konn ap goumen mande rezon pou yon bòbòt Dè milye moun konn mouri mande rezon pou yon bòbòt Ah bòbòt se sa'w fè rap Kreyol. Ou kraze sa ban Mwen pou'm pa fè pewòl Nèg se reproche Neg m sonje lontan kijan'w te mèg Reproch manje reproch bwè ou met divizyon nan tout règ Bòbòt w'ap domine nèg depi nan jaden deden Menmsi'w te plen lespri'w devan bòbòt ou s'on kreten Samson gen fòs nenpot 20 neg pou yon bòbòt li mouri Jack titanic pran pòz galan'l pou yon bòbòt li mouri. Bòbòt pa janm pèdan bòbòt toujou gayan Bòbòt pa janm nan bat kò bòbòt toujou chaman Bòbòt kraze legliz met pastè nan peche Bòbòt fè Pastè fè dè moi sou Jack selman l'ap preche Nèg bezwen bòbòt nan legliz sa rann li fòse konvèti Tout kòb travay la pou manje depi'w nan bòbòt faktori Ou ka ignoré'l Kiyes ki Pa renmen bòbòt Si adiltè se peche konnen nou se viktim bòbòt III Bòbòt sorry sim deranje'w Franchman si'm te kab m t'ap met dlo nan je'w M t'ap moutre'w lè w'ap fè mal li pa dous men'w Mache sou feblès Nou paske'm renmen'w tankou pwad chous Si'm chwazi ekri'w se paske'm s'on viktim tou Menm kite'w aji paske'm se pitit ou Sa m'ap mande'w diminye nan krim ou yo Mèsi paske'w li lèt sa m pa di anyen ki mouye'w. Outro...
Writer(s): Guito Mogene Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out